« Lanmò Lekont » Zora Neale Hurston (1891-1960)

Hurston te yon antwopològ Afwo-Ameriken ki patisipe nan piblikasyon anpil liv ak esè pou renesans Alèm. Nan liv li ki se Tell My Horse (1938), Hurston detaye relijyon ak tradisyon afwo-karayibeyen yo pou li eseye rekonekte avèk rasin afriken li. Jounen jodi a, anpil moun kritike liv sa a paske li dekri ayisyen yo tankou primitif ak sovaj, sitou nan chapit 9 la kote li rakonte yon lejand ki manke konviksyon  sou lanmò vyolan Prezidan Lekont. Silvouplè pran pawòl sa a tankou yon istwa sèlman.

Hurston

Tout liv istwa rakonte Sensinatis Lekont te mouri nan esplozyon ki te detwi palè a, men moun yo pa rakonte li konsa. Pèsonn pa janm di mwen esplozyon an te touye Lekont. Jeneralman, yo kwè yo te detwi palè a pou kouvri verite a paske prezidan an te gen tan mouri.

Pa egzanp, kèk moun rakonte istwa yon ti pitit Lekont te genyen ke li te renmen anpil. Li gen yon lanmou san mezi pou ti gason sa a, men, malgre sa, li pa te marye ak manman pitit li. Manman pitit la te fèt nan yon gran fanmi epi yo te di gen anpil vye santiman ant fanmi jèn fi a ak prezidan an.

(Hurston)

Premye moun ki te di mwen sa te di yo pa te menm touye li nan palè a. Li sètifye yon mesaj te vin jwenn prezidan an pou li vizite ti gason li a ki te nan men manman an nan moman sa a. Li te degize tèt li e li te monte nan bis yon chofè aje te ap kondui, yo pa te kwè nan lwayote chofè sa a anvè prezidan Lekont.

Rimè a fè konnen yo te pase nan baryè ki rele Pò-Salnav pou yo te kite palè a, epi Lekont te kite konvwa li a kay papa manman pitit li a, ki te gen papa li ki te youn nan minis yo e li pa te janm soti ankò. Se sa, li pa janm sòti vivan.

Lekont te bafwe onè fanmi an lè li refize marye ak pitit fi kay la. Fanmi an te jwenn api nan men ènmi politik prezidan an sekrètman. Kèk nan yo te nan kay la lè Lekont te rive a. Yo te gen tan fè  aranjman pou yo te mennen kò a Laplèn pou yo te boule li. Dapre sa yo di, yo te touye li aprè yon bouch-kontre. Yo te vlope kò a, mete li nan yon bis epi mennen li sou tè youn nan konspiratè yo pou yo te boule li. Yo te rekonpanse granmoun ki te chofè a epi yo te sote palè a.