« Edikasyon pou peyizan yo » (Edner Brutus)

Yon ekstrè nan liv Brutus yo rele Instruction publique en Haïti (1948). Brutus te yon diplomat e istoryen ayisyen. Pi ba a, li raple kòman prezidan Michèl Orès te gen anpil sousi pou peyizan yo. Men plan pou li te ede yo a te tounen kont li.


4 out 1913, prezidan Michèl Orès te anonse yon akò ki te chita sou yon lide Eli Dibwa te pwopoze ki se « pè nan zòn pwovens yo ta dwe kontwole edikasyon kote yo rete. Sa otorize pè nan zòn riral yo kreye lekòl primè presbiteryen. An plis salè yo, Leta dwe ba yo prim « yon goud pou chak elèv ki lekòl la e senkant goud pou chak nouvo lekòl, pou kouvri kou inisyal yo epi achte materyèl ».

Leta pèdi tan ak lajan li. Prèt yo te viv konfòtab nan gwo vil yo e villaj yo. Yo te mete peyizan ki pa konn li kontwole lekòl yo nan pwovens yo, pandan yo pran lajan yo mete nan pòch yo pou yo ogmante ekonomi pèsonèl yo. Lekòl pouse tankou djondjon nan rasin bwa pouri.

Minis edikasyon ak agrikilti a, Gaston Dalankou nan rapò li fè sou sitiyasyon an, an me 1914, te rapòte « Lekòl yo te ouvè depi akò dawout 1913 yo pa rive atenn objektif ki te pwojte yo. An palan de edikasyon klasik, pi fò pwofesè, prèt yo te angaje pou yo kontwole lekòl yo pa te gen kapasite pou yo akonpli misyon delika sa a ». E se pa te tout bagay la.

4 novanm 1913, minis edikasyon ak agrikilti a te ekri: « Paske ladotyen prèt yo ki nan klèje nou yo pa gen konesans nan agrikilti, yon mannyè ki ta pèmèt yo anseye peyizan riral yo.

Moun ki ap fè lwa nou yo te fè kwè pi fò prèt nou yo se peyizan. Nan pi fò ka yo, yo pa te plis fòme pase senp jadinye yo. Lè nou te fè yo konsilte agwonòm nou yo, nou gen  mwens pase senk-- nou te dekouvri mank esperyans yo sou sijè sa a ak enkapasite yo pou yo diskite sou tèm rapò a. Pou nou pa di prèt nou yo pa te ap janm retire soutàn yo montre jèn peyizan malere a meyè fason pou li pike pwa ak diri, taye fèy kafe, epi evite ewozyon.