« Deba sou Edikasyon » (Estaf editoryal Island Luminous la)

Michèl Orès pa te ka amelyore edikasyon an Ayiti. Men li te eseye montre ki jan te gen gwo enterè nan fason ediksyon ta ka ede nasyon an avanse. Anpil Ayisyen te kwè ediksyon se te yon gwo atou nan reyisit Ayiti men yo pa te dakò sou fason pou yo te amelyore li. Ogis Maglwa, yon pansè popilè ki te ekri nan jounal kotidyen ayisyen Le Matin te kanpe sou kesyon ke Lekòl yo dwe pwodui plizyè lidè men sitou li dwe pwodui travayè. Men, Antwàn Michèl ak Janbatis Dòsenvil, advèsè li yo , yo te wè Maglwa tankou yon moun lelit ki vle esplwate mas pèp la.


Nan liv li Etude sur le tempérament haïtien (1908), Maglwa te eseye esplike pou ki sa edikasyon klasik tankou nan peyi Lafrans p ap mache an Ayiti : « nan peyi Lafrans sistèm edikasyon an madre anpil nan nivo entèlektyèl. Poutan, an Ayiti se te jis yon imitasyon ». Maglwa te kontinye konsa « Nou kopye tankou avèg san distenksyon, san diskisyon ». Li te kwè edikasyon klasik pa te gen plas li, men li te rekonèt sa Ayiti plis bezwen se pa politisyen ki senpleman pral goumen youn ak lòt, men se kiltivatè. Ayiti deja gen ase politisyen ak entèlektyèl. « Li pa posib kounye a pou lage sèvis piblik nan men nenpòt moun ki montre yo merite sa ». Li te site ansyen pansè pati Liberal la Edmon Pòl, le li te deklare : « Ekilib ant pozisyon ou genyen avèk pozisyon yo ba ou okipe difisil pou tabli. » Sa te espesyalman vre, lè yo konsidere lidè yo ap chwazi moun ki gen menm pozisyon politik avèk yo pou ba yo pwomosyon nan plas sa ki montre yo kapab entelektyèlman. Lidè yo ap chwazi moun ki gen menm dispozisyon politik avèk yo pou bay pwomosyon nan plas sa ki montre yo kapab sou plan entèlektyèl.

Pou li ilistre pwen sa li te desine 2 piramid kote youn te tèt anba, li te reprezante Ayiti kote ki te gen twòp entèlektyèl men pa anpil travayè. Maglwa te fini pou li di, Lekòl yo dwe montre Ayisyen yo fè travo pratik yon fason pou vire van sa a.

Pita, jan listwa gen pou montre sa, nou va wè lide Maglwa sou edikasyon te menm ak pa Ameriken yo pandan okipasyon an ant 1915 ak 1934. La nou ap wè se pa yon sipriz si anpil Ayisyen ta pral chwazi travay ak Ameriken yo pou vini ak yon edikasyon pwofesyonèl nan peyi d Ayiti. Men tou se pa yon chòk si lòt Ayisyen te kanpe anfas sistèm edikasyon pwofesyonèl sa a. Li te parèt pou anpil moun kòm yon tantativ pou andoktrinen yo epi kenbe bagay yo jan yo ye [ statu quo ]a.