« Inkyetid Ameriken yo » Dana Munro (1906-1981)

Yon ekstrè liv Dana Munro ki rele Intervention and Dollar Diplomacy in the Caribbean 1900-1921 (1964). Munro te yon diplomat ameriken ki te sèvi nan peyi d Ayiti, Nikaragwa ak Chili. Pita li te rapousuiv nan ansèyman nan inivèsite Princeton.


Lide fondamantal ki te enspire Etazini politik karayibeyen nan pandan ven premye lane ventyèm syèk la se te politik Theodore Roosevelt la ki te soti nan doktrin Monroe a : si Etazini ta vle evite entèvansyon Ewopeyen yo, li dwe ede repiblik karayib yo soti nan dezòd kwonik ak move jesyon finansye ki te pèmet entèvansyon sa yo. Lide sa a pa te totalman nouvo, plizyè ò mdeta ak ekriven an Ewòp e nan Etazini fè konnen li pa te ap ka kenbe doktrin Monroe a san yo pa pran kèk responsablite pou konduit Leta li ap pwoteje yo. Amandman Platt la te prevwa politik Roosevelt la li menm, ki te ap chèche fè yon jan pou endepandans Kiba a pa te riske akoz enkapasite yo pou yo pwoteje etranje e peye dèt yo. Sepandan, Kiba te yon ka eksepsyonèl. Se te jis apre blokis Anglo-Alman yo te bay Venezyela an 1902-1903 ke politik Roosevelt la te vin  yon pati nan politik jeneral gouvènman ameriken an nan Karayib la.

Enterè Fransè yo ak Alman yo te toujou pi pisan an Ayiti pase nan nenpòt lòt Eta karayib la. Fransè yo te chèf kreyans Repiblik la e yo te pi bon kliyan pou ekspòtasyon li, e yo te gen menm valè vwa ak direktè ameriken yo nan Bank nasyonal, yon bank ki te toujou mele nan koze politik paske gouvènman an te dwe gen èd li nan kesyon bidjè. Alman yo te posede sèvis piblik ki pi enpòtan yo epi pifò komès te fèt ak liy batiman alman yo. Komèsan alman ki te nan peyi a te gen anpil enfliyans nan koze politik piske se yo menm ki konn finanse revolisyon yo. Depatman deta ameriken te preyokipe sou aktivite ewopeyen sa yo ki te plis pase pa yo epi paske gouvènman fransè ak gouvènman alman yo  te manifeste yon enterè espesyal nan afè Ayisyen yo e yo te reziste tou kont efò Etazini pou ogmante pwòp enfliyans pa li.

Yo te sispèk Alman yo te vle espesyalman gen yon baz naval oubyen yon estasyon apwovizyònman chabon an Ayiti. Kòm marin yo a pa te gen avantaj san enstalasyon sa yo, lè nou konpare yo ak pa pisans ki te gen koloni nan Karayib la, dezi sa a te rezonab. Men otorite naval nan Washington te panse nenpòt gwo founisè chabon nenpòt kote nan Karayib la ta kapab yon danje pou Etazini. Depatman deta a, nan lane 1910 ak 1912 te kontre kare efò liy batiman Alman ak Fransè te ap fè pou yo jwenn konsesyon pou yo gen yon depo chabon an Ayiti, e byen si, li (depatman deta a) te sansib an patikilye pou kèlkeswa pwojè ki te sanble gen rapò ak Mòlsennikola. Rimè ak rapò sou pwojè sa yo te lakoz malèz tanzantan.