« Wosalvo Bobo ale» Roger Gaillard (1923-2000)

Tèks sa a se yonekstrè ki sòti nan Les cent jours de Rosalvo Bobo (1987) Gaillard te pibliye an 1987. Liv la se premye volim nan seri travay li fè sou Okipasyon Amerikèn an ki rele Les blancs débarquent. Gaillard te ekri plizyè liv sou Ayiti epi li se te prezidan Société Haïtienne d’Histoire.

Se yon lèt toulouvri Wosalvo Bobo ekri prezidan Etazini. Mwens pase yon mwa apre eleksyon prezidan an, [Bobo] pwoteste kont manèv ki te bloke wout li epi anpeche li vin prezidan jan li te espere a.

Nan tèks politik sa a ki pot date 8 septanm 1915 ke li te ekri nan vil Santyago nan peyi Kiba kote egzil brital li an ta pral kòmanse, Bobo dekri rankont li  [avèk  Caperton] sou bato [ameriken an] Washington :

« Mwen ta pral pran wout pou Pòtoprens avèk lame mwen, lè Amiral Caperton, ki reprezante w, voye bò kote m yon delegasyon ki te gen ladann, avèk lòt moun ankò, achevèk lavil la ansanm ak yon ansyen prezidan. Delegasyon sa a prezante avèk pawòl lapè e yon envitasyon pou m vini Pòtoprens prese prese pou m rankontre [Caperton] sou bato ameriken an. … 

« Mwen [Bobo] repete [Caperton] sa mwen te deja di nan plizyè okasyon nan sa mwen ekri osinon nan konferans : [Mwen gen] anpil admirasyon pou Ameriken yo akòz enèji yo, aksyon kreyatif yo, metòd travay yo ak disiplin ekonomik yo ki ka sèvi nou egzanp. Mwen te toujou gen lespwa envite yo pataje kapital yo ak konesans yo. Men, mwen te kouri ajoute, pèp ayisyen an dakò avèk mwen sou sa, janmen nou patap kapab aksepte prezans yo nan peyi a si yo pa la kòm senp envite nou. Nou pa t ap janm pèmèt okenn fòm entèferans gouvènman ameriken oubyen okenn lòt puisans etranjè nan politik entèn nou. »

Objektif konvèsasyon sa a se pat pou yo te ofri Bobo prezidans lan. Lò kesyon elektoral la soulve, Bobo repete premye deklarasyon li yo, lide ak prensip li pa tap janmen ka fè konpwomi sou yo.

Apre lanmò Bobo an 1930, gen anpil pale ki fèt sou mo « never » sa a ; yon zanmi pwòch mande Chal Zamò opinyon li sou sa.  Selon ansyen kanmarad Bobo a, mo ameriken sa  « si yo pran l jan li vini a, se pa yon “mo istorik”. Li ajoute « Lè [Bobo] te aprann Ameriken an te mande non sèlman pou l kontwole ladwàn, men yon Konvansyon tou, Bobo, se sèten, fè l konnen kareman li pa tap janm aksepte prezidans lan a pri sa a. Li te deja deklare sa pou tout moun ka li li nan [liv] li a, Appel au peuple haitien,  li te ekri an avril 1915. Men mo « janmen » an pat itilize pou refize prezidans lan kòm si yo te ofri l konsa bay Bobo. Yo pa t janm ofri l anyen, pase tout bagay te deja regle anvan menm li te rive. »