« Datignav ak akò 1915 lan » Arthur C. Millspaugh (1883-1955)

Yon ekstrè Haïti under American Control, 1915-1930 Millspaugh pibliye an 1913. Millspaugh se te yon konseye ekonomik ameriken ann Ayiti.

Depatman Merin [Etazini an] te bay Amiral Caperton lòd pou pèmèt eleksyon fèt nenpòt lè Ayisyen yo ta vle; li di li tou Etazini « pito yo mete [Sid] Datignav sou pouvwa a ».

Anba enfliyans pati [opozisyon] Bobo a, komite revolisyonè ki te prevwa kandida yo tap pèdi nan eleksyon an, te mande pou yo kraze Asanble Nasyonal la. Merin yo te anpeche yo bloke pòt Chanm Depite yo. Lè sa rive, Amiral Caperton mande komite revolisyonè a pou li demisyone. Chaje Davis ak Kapitèn Beach (2 Ameriken) tap prezante opinyon Depatman dEta bay senatè yo ak depite yo, e 12 out yo chwazi Datignav kòm prezidan. Eleksyon sa yo te « fèt avèk pwoteksyon marin yo ».

Pou ofisyèl ameriken yo, entèvansyon militè ak eleksyon prezidansyèl yo te tankou yon akò yo te pase; kou Prezidan Datignav monte sou pouvwa a depatman dEta gen tan pale sa avè l.


Akò sa a, jan Depatman [dEta] te tabli l, te prevwa yon sipèvisyon pi laj ak plis disiplin, pase sa ki te prevwa nan pwoposisyon 2 jiyè 1914 la. Anplis yon kontwòl finansye ki te prezante klèman, te gen nouvo eleman tankou yon jandamri ayisyen e se Ameriken ki t ap òganize l epi ankadre l. Prezidan Etazini a t ap nonmen Ameriken sa yo.

Tap gen yon pwotokòl pou regle reklamasyon etranje ta fè ; Ayiti, si li « vlepousuiv devlopman resous nasyonal li » ta dwe met sou pye e reyalize « mezi ki nesesè, selon gouvènman Etazini an, pou netwaye peyi a e amelyore sitiyasyon repiblik la », tou sa anba sipèvizyon enjenye ameriken yo.

An menm tan, depatman Merin lan, jan sekretè [dEat Wobè] Lansing te mande l, te pase Amiral Caperton lòd pou l met lamen sou biwo ladwàn yo nan tout pò enpòtan yo epi pou li depoze resi yo labank.