« Pèsekisyon Alman yo » komite editoryal Yon Zile ki Klere

Okipasyon merin yo pa t kalme kè sote Ameriken yo sou zafè Alman ann Ayiti yo. Etazini te jalou pozisyon Reinbold yo ak lòt fanmi alman ki te nan kòmès e ki te rich. Etazini p at fè yo konfyans sou kouman yo t ap reyaji sou kesyon Doktrin Monro a. Anplis, Alman yo te abitye prete kòb pou finanse revolisyon ki te fèt sou zile a deja e sa te enkyete Ameriken yo.


Lò Etazini rantre nan premye gè mondyal, nan kan Franse ak Britanik yo, li deklare Almay lagè, e li mande Ayiti pou l suiv egzanp li. Deklarasyon lagè Ayiti a se te yon pretèks pou pran propriyete Alman yo epi kraze pouvwa yo te genyen ann Ayiti. Jandamri fè dappiyanp sou antrepriz alman yo e li fèmen plis pase 20 alman nan kan.

Lò lagè a fini an 1919, yo lage Alman yo. Men, jan istoryen Hans Schmidt deklare l, jandamri a te kontinye siveye yo. Etazini pa tap kite Alman yo reprann sa yo te pèdi ann Ayiti. Nan lane 1920, Etazini fè presyon sou Prezidan Datignav pou l fè depòte preske yon ka popilasyon alman an. Depòtasyon sa yo ogmante enfliyans lòt gwo komèsan ki te an konpetisyon ak sa k te pati yo, tankou Brandt yo. Men, malgre tout pèsekisyon sa yo, Reinbold ak lòt Alman yo toujou rive gen yon pakèt kòb ann Ayiti.