« Jandamri a ak kòve a » Hans Schmidt

Yon ekstrè The United States Occupation of Haïti, 1915-1934 Schmidt te pibliye an 1971. Schmidt se te yon istoryen ki te fè kou nan Inivèsite Leta Nouyòk, nan vil New Paltz.

Akò ant Ayisyen ak Ameriken ki gen dat septanm 1915 lan te deklare Etazini tap met sou pye epi ankadre yon jandamri ayisyen. Abitid òganize yon fòs militè natif natal sou lobedyans Ameriken yo se yon estrateji Etazini te deja itilize Pòto Riko ak Kiba. Pandan yo t ap òganize Jandamri Ayisyen an, gen lòt parèy yo, Guardias Nacional yo t ap met kanpe lòt bo zile a an Repiblik Dominikèn epi nan Nikaragwa. Jandamri sa yo te genyen pou yo fonksyone tankou fòs santralize ki te efikas epi san patipri epi se pou yo te gen ase puisans pou yo te ka asire rejim politik pro-Ameriken yo te ka kontinye ; yo te genyen tou pou yo elimine pwoblèm enstabilite pakèt revolisyon youn apre lòt yo t ap bay.

Pandan machin politik la t ap ranfòse, merin yo t ap konsolide jandamri a ak brigad maritim lan pou yo vini pi efikas nan koze militè a, gras a yon gwo pwogram konstriksyon wout.


Kòm yo pat gen ase lajan pou yon gwo pwogram konstriksyon, akòz gouvènman-kliyan an te pòv, Ameriken yo te retounen ak yon lwa Ayiti te genyen depi 1864 ki pat sèvi ankò. Se Smedly Butler [yon kòmandan merin ameriken an] ki te dekouvri lwa sa a ki te egzije peyizan yo travay sou wout lokal yo olye yo peye taks sou wout la. Sistèm sa a te rele kòve, se li menm Ameriken yo te itilize pou konstwi yon dipita wout pou relye gran vil yo. Pi gwo reyalizasyon an se te yon otowout ki pat asfalte soti Pòtoprens pou rive Okap nan nò. Li te mezire 273  kilomèt. Men, peyizan yo pat apresye travay fòse a ditou, e anvan lontan resistans lan te gaye toutkote…. Zafè mare travayè yo ansanm pat pase byen menm, pase sa te fè peyizan sonje tout istwa yo te konn tande sou jan nan tan koloni a, Franse yo te mare esklav yo ansanm pou yo travay.