« Peralt ak kako yo » Yveline Alexis

Alexis se yon bousye nan pwogram apre Doktora nan Inivèsite Rutgers. Tit tèz li a se « Nationalism and the Politics of Historical Memory: Charlemagne Péralte’s Rebellion Against the U.S. Occupation of Haiti, 1915-1986 » (2011).

Chalmay Peralt fèt an 1885, nan vil Ench, yon ti vil nan sant zile a. Se te pitit koutiryè Mari-Klè Emanyèl ak Jeneral Remi Masena Peralt. Lè li te fin fè klas li nan gran lekòl SenLwiGonzag nan Pòtoprens, Peralt te kontinye tradisyon fanmi papa l. Li rantre nan politik, li te gen pòs nan Repiblik Dominikèn ak ann Ayiti. Lè okipasyon Etazini kòmanse an 1915, li te kòmandan Leyogàn ki te yon pozisyon enpòtan. Sinsinatis Lekont, Orès Zamò, ak Prezidan Vilbren Sam te nan pòs la anvan.


Alòske pifò istoryen ki ekri sou Peralt yo chita sou jan li te kòmande Kako yo, fòk nou di li te pwoteste kont presans merin Etazini a kòm manm Komite revolisyonè ki te sitou itilize mwayen entelektyèl pou pwoteste kont okipasyon an tou. Pa egzanp, ansanm avèk komite sa a li te apiye kandidati Wosalvo Bobo, yon kandida prezidansyèl administrasyon Etazini an pat renmen ditou.

Nan kòmansman, Peralt te itilize mwayen diplomatik ki pat agresif pou konbat okipasyon an, jan nou ka wè l nan kominikasyon li te voye bay Marin Etazini, e pita, sa li te voye pou Prezidan Woodrow Wilson : li te mande l kite Ayiti ak Bondye. Lè yo arete l apati akizasyon Merin Ameriken yo, yon jandam nan prizon an ede l. Liksama Lik, ki se te yon kako ki te enfiltre prizon an, ede Peralt sove 3 septanm 1918.

Kwak poko gen yon liv ki rakonte tout istwa kako yo, zak yo rete klè nan memwa Ayisyen yo. Yo te aktif pandan Revolisyon Ayisyèn lan e yo parèt ankò nan ventyèm syèk la, chak fwa leta a te adopte politik ki menase sekirite ekonomik ak politik Ayiti. Pandan okipasyon Etazini an, kako yo te sonje revolisyon ayisyen an. Yo te mete sou pye yon pwogram pou yo retabli souvrennte peyi a. E yo te itilize mesaj sa a pou rekrite nouvo manm, nwa kou milat, rich kou pòv, pou fè rezistans fizik kont merin ameriken yo. Sou lòd Peralt, kako yo te ogmante kantite atak yo fè nan kapital la ak nan tout zòn lan. Yo te kolabore ak senpatizan. Epi yo te ekri lidè Etazini, Angletè ak Lafrans pou yo gen sipò yo pou yo fini ak okipasyon an.


Anfinal, merin ameriken yo ak alye ayisyen yo rive enfiltre kan Peralt la. Yo touye l ansanm ak plizyè lòt kako 3 oktòb 1919. Merin yo te ekspoze kadav Peralt pou tout moun te ka wè l, yon fason pou yo te dekouraje moun yo fè opozisyon kont okipasyon an. Malgre sa, Ayisyen te kontinye reziste jis okipasyon an fini an 1934. Anplis, jouk jounen jodi a, yo sonje Peralt ak tout batay li te mennen.