« Yon nouvo direksyon » Joseph Medill McCormick (1877-1925)

Yon ekstrè rapò McCormick te fè pou Kongrè Etazini sou okipasyon Ayiti a. McCormick, se te yon senatè eta Ilinoy yo te mandate pou li evalye okipasyon an apre merin yo te kraze revolisyon Peralt t ap mennen a. McCormick te bezwen chanje politik ameriken ann Ayiti nètale. Li te vle chita mwens sou vyolans ak represyon, pou okontrè li amelyore edikasyon.

Li enposib pou n ta detemine ki valè Ayisyen yo touye pandan kanpay geriya sa a ki dire 18 mwa. Nou ta kapab di se apèpre 1,500 moun. Chif sa a baze sou plizye rapò ki chita sou estimasyon moun fè pandan yo tap batay, se pa konte yo konte yo vre. Siman te gen sivil ki pa tap batay pami viktim yo, kèlkeswa kantite moun la. Se nan abitasyon yo te jwenn bandi yo, lè konsa yo te jwenn yo antoure ak madanm yo ak pitit yo. Pafwa yo te jwenn yo nan vilaj kote abitan yo te ba yo ladesant swa pase yo te pè swa pase yo te zanmi yo. Lè merin yo te tonbe sou bandi yo yo te atake yo menm lè a. Se nan kondisyon sa yo anpil temwen mouri. Lanmò viktim sa yo se yon bagay ki tris anpil.

Lanmò sa yo se te konsekans tris operasyon ki pa regilye. Komite a sèten sèl mwayen ki te efikas se pou patwouy yo te tiye bandi yo.
Sepandan, komite w la sigjere ke pèp ameriken an p ap kwè devwa l ki reprezante nan Akò [1915 lan] reyalize si anplis sa yo deja fè a, yo pa bay mas yo jistis, lekòl ak enstriksyon agrikòl. Akò a li menm pa prevwa reyalize bagay sa yo, e poutan bagay sa yo nesesè pou pwogrè peyi a. Se pou yo ta nonmen yon konseye legal pou asiste O komisè a. Se ta yon gwo zak politik, yon zak lamitye pou gouvènman nou an voye ann Ayiti yon komisyon ki ta gen ladan l yon konseye komèsyal, yon ekspè agrikilti twopikal e yon edikatè ki gen eksperyans ak repitasyon Doktè Moton ki sòti nan [Enstititi] Tuskegee.

Komite w la sigjere yon ogmantasyon konsa nan richès, nan komès, nan salè yo nesesè pou pwogrè sosyal ak politik Ayisyen yo. Ta dwe gen yon ankèt sou bezwen ak opòtinite pou enstriksyon endistryèl epi sitou agrikòl ak developman nan yon peyi ki konte sou agrikilti kòm sèl sous richès li.


Lè richès ak revni ogmante, lekòl, wout ak otowout kapab ogmante tou, e plis yo ogmante plis salè yo ap ogmante, se konsa sèvis piblik yo ap devlope. Anmenmtan, moun yo ap gen plis kapasite pou yo achte, lavi yo ap amelyore, tankou sa sitèlman fèt byen Kiba ak PòtoRiko [pandan okipasyon ameriken] avèk ankadreman e kontwòl Ameriken pandan dènye jenerasyon an. Se pou rezon sa a komite w la panse li enpòtan anpil pou yo ta voye komisyon sa a, jan nou sigjere a.