« Sante Piblik pandan okipasyon ameriken » -- Matthew Davidson

Davidson se yon etidyan nan pwogram twazyèm sik Inivèsite Trent. Tèz li a rele « Empire and its Practitioners: Health, Development, and the US Occupation of Haiti, 1915-1934. »

Kèk tan apre envasyon 1915 lan, Ameriken yo te prese pran kontwòl sèvis sante piblik Ayiti a. Yo te konnen ke nan epòk kolonyal la, anvayisè fransè, panyòl ak anglè yo te echwe akòz maladi. Epi yo te pran leson apre lòt eksperyans kolonyal yo te fè tankou nan Kiba. Ameriken yo te swete yo te ka pwoteje twoup yo kont maladi twopikal avèk yon seri mezi sante piblik. Pwogram sa yo te sitou chita sou eradikasyon moustik ak lòt jefò kont malarya, se yo ki te sèvi baz pou Sèvis Sante Piblik la Ameriken yo te tabli an 1917 selon akò 1915 la ki te bay okipasyon an yon baz legal. Sèvis Ijyèn, se konsa yo te rele l, se yon depatman ki te sou kontwòl Jeni Sanitè. Menm si Merin yo pat kenbe kontwòl dirèk sèvis lan, se yon Ameriken ki te nan pòs Jeni Sanitè a, menm jan ak tout lòt pòs nan administrasyon an pandan okipasyon an. Sitiyasyon sa a tap kontinye menm apre dokiman 24 fevriye 1919 la ki te entegre Sante Piblik la nan gouvènman ayisyen an,  apre li fin fè kèk ane ap fonksyone defakto.

Menm jan responsabilite pou sante a te chanje, se konsa objektif Sèvis Ijyèn lan chanje tou. Kòm li pat responsab pou sante sèl Ameriken ankò, Sèvis Sante Piblik la te vire sou popilasyon ayisyen an an jeneral, sitou apre 1920 lè yon epidemi lavaryòl te ravaje peyi a. Sèvis la te lanse yon kanpay vaksinasyon kote doktè ameriken ak medikaman oksidantal ale nan tout kwen peyi a, nan tout rak bwa kote moun yo pa t renmen etranje. Kanpay sa a te reyisi akòz yon lwa ki te rann vaksinasyon obligatwa. Se te premye pami anpil tantativ Ameriken te fè pou yo pote « levanjil lasante  » bay Ayisyen. Anplis yon seri lopital ak klinik riral Ameriken yo te bati, ofisyèl Sante Piblik te travèse mòn yo pou pote swen medikal bay popilasyon an, jan dokiman pi ba a di l. Anmenmtan, kanpay vaksinasyon sa a tou sèvi kòm kanpay relasyon piblik pou Ameriken yo.

Alòske depi 1808, Ayisyen yo t ap resevwa laswenyay sou kontwòl leta ayisyen, Ameriken yo te pè pou sektè sanitè a pa kraze nèt apre okipasyon an. Avèk lèd Fondasyon Rockfeller, yo remànye Lekòl Nasyonal Medsin lan an 1926 pou yo sèten Ayiti tap genyen yon sous ekspè medikal ayisyen. Pandan yo te « ayisyànize » sèvis sante a an 1931 anprevisyon dat merin yo t ap pati ki tap pwoche, lekòl la te fòme nouvo medsen ayisyen. Malgre yo te koupe bidjè Sèvis Ijyèn lan, li te kontinye fonksyone apre okipasyon an. Yo te rele l Depatman Sante Piblik anvan li vin tounen Ministè Sante.