« Sèvis Teknik » Léon D.Pamphile

Pamphile ap dirije yon ONG kretyen, Functional Literacy Ministry of Haïti. Li ekri Clash of Cultures: America’s Educational Strategies in Occupied Haïti, 1915-1934 (2008).

Edikasyon Piblik se te yon gran eleman nan efò ameriken t ap fè pou pote stabilite politik nan teritwa kolonyal yo. Se sa ki te pase nan Filipin, pa egzanp. Pou li te ka rive tabli yon gouvènman demokratik lòtbò a, « Amerik te angaje l, selon tradisyon ak teyori politik li, pou l edike tout moun, pa sèlman kèk lidè. »  Se menm remak la nou ka fè pou Kiba pandan li te sou lobedyans Ameriken.

Yo te òganize sistèm eskolè teknik la (ann Ayiti) pou li te sou direksyon Depatman dEta Agrikilti a.  Se doktè Freeman, ki te Direktè Jeneral sistèm lan, epi te gen Carl Colvin, yon ansyen sipèvizè dEta Edikasyon pwofesyonèl nan eta Ilinoy, ki te responsab administrasyon eskolè ki tap ede l. Sistèm lan te gen de gran depatman : Depatman Edikasyon Endistriyèl ak Depatman Edikasyon Agrikòl.

Depatman Edikasyon Agrikòl la te mete sou pye e sipèvize yon sistèm fèmekòl riral. Nan zafè jesyon, responsabilite administrasyon an te tonbe nan men « direktè edikasyon riral la, direktè adjwen an, kad siperyè a ak twa anplwaye administratif ». Yon pati enspeksyon ak sipèvizyon an te sou responsabilite sipèvizè lokal ki te nan diferan rejyon yo.

Bi ak objektif sistèm edikasyon pwofesyonèl la te parèt aklè nan divès rapò Sèvis Teknik la. Lekòl endistryèl yo te gen kòm objektif pou yo devlope efikasite endistryèl kay mas yo. Yo te fèt yon jan pou « yo satisfè bezwen majorite moun ki t ap chache mwayen pou yo viv nan nenpòt ki kalite travay endistryèl. »
Pwogram lan te vize mete sou pye yon nouvo kalite travayè pwofesyonèl efikas ki te ka satisfè bezwen endistri a.

An 1930, te gen 8 lekòl nan vil yo, ki t ap anseye sijè endistryèl. Nan rejyon riral yo, Sèvis Teknik la te tabli yon sistèm fèmekòl pou ediksayon agrikòl nan travay jaden ak resitasyon plizyè sijè agrikòl. Lekòl sa yo te dwe anseye jèn nan peyi a kouman pou yo amelyore swen yo bay jaden yo ak bèt yo. Anplis, O Komisè [Ameriken] an te rete kwè fèmekòl yo t ap aprann gason travay avèk men yo kòmsadwa, sèvi ak zouti, fabrike pwodui itil nan atelye yo, epi fè pouse kilti ki nesesè nan jaden yo. » Apa fòmasyon yon pi bon kalite fèmye, politik okipasyon militè a se te kenbe moun nan milye riral yo nan jaden yo. Ofisyèl ameriken yo te toujou ap kritike mesye lavil yo pase yo te resevwa yon edikasyon klasik, ki te tounen yon andikap pou Ayiti devlope tout bon vre. Okontrè, jenerasyon sa a t ap resevwa edikasyon pou li rete nan rejyon riral yo.