« Batay pou lekòl yo » Dantes Bèlgad (1877-1966)

Yon ekstrè nan La résistance haïtienne Bèlgad pibliye an 1937. Antank Minis Edikasyon Datignav, Bèlgad te ensiste pou Ayiti te kenbe edikasyon klasik nan lekòl yo. Li pat kontan ditou pase Ameriken te vle edikasyon pwofesyonèl sèlman. Li te pi fache ankò lè konseye finansye ameriken an, John Mcllhenny, poze veto sou pwopozisyon li yo.

Ayiti pa bezwen okenn ekspè etranje pou reyòganize sistèm edikasyon piblik li. Sistèm li adopte a – paske li ale avèk lang li, tradisyon li ak aspirasyon pa li -- baze sou sistèm skolè fransè a. Menm si yo ka kritike plizyè aspè sistèm sa a, Ameriken yo ta fè erè si yo ta panse meprize l. Nou ka site bezwen edikasyon ann Ayiti. Toudabò : fòme anseyan e peye yo bon salè pou travay yo. Dezyèman : bati lekòl e bay yo ekipman ak zouti pou anseye nan twa nivo yo. Twazyèman : devlope edikasyon agrikòl ak endistriyèl pou satisfè bezwen ekonomik ak kondisyon sosyal kontèks ayisyen an.  Katriyèman : reyòganize sistèm enspeksyon ak sipèvisyon lekòl yo parapòa etid, lijyèn ak spò.


Lè Minis Finans lan te rapòte pwojè sa a bay konseye finansye [John] Mcllhenny, li tonbe fè move san. Nan yon lèt andat 23 jen 1920, Msye Mcllhenny di « li pa dakò ditou ak pwojè sa a », e suivan pawòl ki soti nan bouch li, li jije pwojè sa a « pa t nan plas li ».

Mcllhenny te derefize bay lekòl Ayiti yo okenn asistans, se te yon politik sistematik pou “fè yo grangou” pou yo ka fè dapiyanp sou Ministè Edikasyon an… Li te nesesè pou demontre Ayisyen yo pa t kapab avanse poukont yo nan yon stad sivilizasyon siperyè.

Gwo erè Ameriken yo te fè se lè metòd mechanste yo te sèvi pou
fè lekòl ayisyen yo « grangou » te fè moun kwè yo te vle kraze sistèm edikasyon Ayiti a, ke yo te jije twò akademik pou yo ranplase l ak yon sistèm ki ta sèlman vokasyonèl. Dapre yo, se sa k te bon pou yon nasyon enferyè ki chaje ak « moun k ap koupe bwa epi pote dlo ».