« Woman pandan okipasyon an »  Nadève Ménard

Profesè Ménard ap anseye literati ayisyen nan Inivèsite dEta nan Pòtoprens. Li ekri Ecrits d’Haïti : perspectives sur la littérature haïtienne contemporaine. (2011)

Reyaksyon literè a anfas okipasyon ameriken an ann Ayiti ki te kòmanse an 1915 pou fini an 1934, te parèt sou diferan fòm e li te kenbe san lage. Etnològ Jan Prays-Mas te ankouraje ekriven ayisyen yo sèvi ak Lafrik kòm enspirasyon nan travay yo. Menm lè tout ekriven yo p at suiv konsèy la, te gen anpil anpil aktivite literè nan premye deseni ventyèm syèk la. Te gen anpil pwodiksyon ak piblikasyon pwezi, nouvèl, woman ak teyat. Jounal ak revi tankou La Revue Indigène te gen ladan yo kòmantè politik ak tèks literè.


Anpil woman ayisyen te parèt pandan okipasyon amerikèn an. Sis ladan yo genyen okipasyon an kòm sijè e kòm kad istwa yo. Yo prezante pèsonaj etranje k ap eseye eksplwate oubyen imilye pèsonaj ayisyen yo. Premye ladan yo se woman Fènan Ibè a, Les Simulacres (1923). Nan woman tou kout sa a, gen yon raketè kiben ki reyisi vòlè 5,000 dola ameriken nan men pèsonaj prensipal ayisyen an e li sedui madanm msye. Eskandal prive a te mache kòtakòt ak eskandal piblik okipasyon Etazini a.

Yon lot woman Le Choc (1932) sòti pandan peryòd sa a: se Leyon Lalo ki ekri l. Woman sa a prezante yon jenn ayisyen ki okòmansman te gen santiman admirasyon ak senpati pou etranje yo, epi ofiamezi l ap pran imilyasyon nan men merin ameriken yo, li vin meprize yo epi fache kont yo. Le Nègre Masqué (1933) se yon woman Stefenn Aleksi. Li prezante yon avoka ayisyen ki pran zam kont okipasyon an, pandan lap eseye jwenn yon jan pou li fè lanmou li santi pou yon Fransèz pa twò depaman ak idantite patriyotik li. La blanche négresse (1934), se yon woman Kleyant Valsen, e Le Joug (1934) se yon woman Àni Deswa. Toude woman sa yo pale de kesyon patryotis ak idantite nasyonal pandan okipasyon ameriken an. Yo pale tou de konsekans sosyal okipasyon an genyen, sa ki fè yo soulve kesyon rasis, eksplwatasyon seksyèl, kesyon jan. Viejo (1935) se yon woman Moris Kaseyis pibliye yon lane apre okipasyon an fini ; li prezante yon pèsonaj ayisyen ki fini pa touye yon reprezantan opresyon ameriken an.

Toutbonvre, woman sa yo ki ekri pandan okipasyon an pran pozisyon kareman kont okipasyon ameriken an. Pifò ladan yo prezante pèsonaj prensipal yo, ayisyen kou etranje, ki swa sove swa pa rete nan peyi a ankò nan fen istwa yo, yon jan pou fè pase lide Ayisyen ak etranje paka viv ansanm anpè nan kontèks yon okipasyon etranje.