« Prays-Mas, Peyizan yo ak elit la » komite editoryal Yon zile ki Klere

St. Hubert gen yon bous doktora McKnight nan depatman istwa Inivèsite Miami. Tèz li a pral chita sou Ayiti ak reprezantasyon kiltirèl.

Jan Prays-Mas (1876-1969), se te yon medsen, yon anseyan ak yon òmdeta. Men, yo toujou sonje li kòm ekriven ki te kontribye nan Mouvman Endijenis la, yon mouvman literè yo te lanse nan fen ane 1920 yo, pou bay okipasyon ameriken ann Ayiti repons. Mouvman an te mande pou yo kreye yon literati ayisyen « endijèn ». Men se Ainsi Parla l’Oncle Prays-Mas la, ki sòti an 1928 ki bay mouvman an definisyon l.

Ainsi parla l’Oncle akize otè ayisyen yo ak elit la kòm « bovaris kolektif », sa vle di yo pat wè tèt yo jan yo te ye vrèman. Literati ayisyen an tap imite literati fransè a. Li potko jwenn pwòp nanm ayisyen « endijèn » li. Prays-Mas te panse ke si elit yo te kontinye wè tèt yo kòm « Fransè nwa », literati yo tap kreye a t ap soufri e tout moun tap wè l tankou yon imitasyon. Prays-Mas antre kritik sa a nan La vocation de l’élite (1919). Li te vanse agiman ke apre « yon peryòd difisil kote se imitasyon li tap fè, literati [ayisyen] an te kòmanse jwenn orijinalite l nan fon koutim [Ayiti] ansanm ak nan peyizaj peyi a » (p. 185).

Ainsi parla l’Oncle, yon etid sou peyizan ayisyen,valorize rasin afriken kilti ayisyen an. Prays-Mas te kwè wout pou rive nan yon kreyasyon literati nasyonal te chita nan fòlklò Ayiti a ki te soti nan Lafrik. Fòlklò ayisyen an te gen yon repètwa tradisyon oral, lejann, kont, chante, devinèt, koutim, seremoni ak kwayans ki pote yon mak pèsonèl, oubyen yon wout pou yon kilti nasyonal orijinal.

Nou te ka jwenn wout sa a nan lang kreyòl peyizan yo pale tou ak nan vodou a, ke Prays-Mas te aksepte kòm relijyon. Prays-Mas te konsyan anpil moun pa tap dakò ak opinyon li sou vodou, men li te deklare ke kondane vodou tap pi mal pase yon enjistis entelektyèl, se tap efase entelijans.