« Zile majik la »  komite editoryal Yon Zile ki Klere

Okipasyon merin yo ann Ayiti te fè Ameriken vin pi enterese nan kilti ke yo te konsidere kòm egzotik. Genyen ki te gen anvi fè lajan sou tan yo te pase ann Ayiti a. Militè ameriken tankou John Houston Craig ak Faustin Wirkus te ekri liv sou zile a ak abitan li yo. Liv sa yo se te pou amize lòt Ameriken. Yo te plis eseye voye monte. Craig rakonte istwa sòsyè, kanibal, kriz posesyon. Nan Black Bagdad (1933), li rakonte kòman li te pèdi tèt li ann Ayiti lè yo te ansosele l. Li ekri « Lè tèt mwen te klè, mwen te konn kanpe apa. Se move lide lèd ak kè sote ki te anvayi m. Lespri m t ap vire, balanse. » Craig pretann li te fin fou. « Mwen te konn rete je m byen louvri nan foli ak tout djòl vèt li … Mwen te konn batay pou nanm mwen, nan rèv wouj tou limen moun fou. »  Kanmarad li te di « Twopik yo fini avèk li ».


Vwayajè ameriken tankou Blair Niles ak William Seabrook te ekri liv kote yo te denigre kilti ayisyen an tou. Nan liv li a The Magic Island (1929), Seabrook rakonte “batèm san” pa li nan yon tanp ann Ayiti. Li dekri tanp lan avèk anpil detay, li menm desinen plan yo.  Li sonje: “Nou pase pa yon pòt deyò pou nou antre nan yon antichanm fè nwa, san fenèt, tankou yon kacho; ladan l te gen yon seri bèt mare youn ak lòt pou yo te fè sakrifis.” Pi lwen nan tanp lan, Seabrook di “nou pase nan yon pòt pou nou antre nan yon chanm long, rektangilè, se tanp lan menm, gen bouji ak vye lanp luil ki t ap tranble tankou flanm bwapen. Mi yo te an ajil, sou yo te gen yon pakèt penti konplike, senbòl mal: fèt sèpan ak figi antwopomòfik.”

Malgre Black Bagdad ak The Magic Island se te liv pou amize moun, yo te gen move enfliyans sou jan moun te wè Ayiti. Craige, Seabrook ak Niles te fè Ameriken konprann Ayisyen yo se te yon pèp primitifi. Nan Black Haiti (1926), Niles deklare ann Ayiti « nou pa nan lane 1925 ankò. Se sizyèm jou lakreyasyon. » Li kontinye ekri « lalin lan te wo anpil nan syèl la, nou tap gade kreyati yo ki tap danse. » Selon Niles, pèp primitif tankou Ayisyen yo  pa ka gouvène tèt yo. Li di elit ayisyen « gen anvi – sanzespwa – pwouve li gen kalite anglosakson ; sanzespwa paske kalite ras la se pitipiti ou aprann yo pandan w ap evolye, ou pa ka pran yo lè ou vle. » An konklizyon,  li deklare ke « li pa posib pou ou leve yon jou pou ou rive nan nivo enpafè nou rive a, kote nou ka gouvène tèt nou. ». Liv tankou Black Haïti itilize teyori sosyal Darwin yo pou rasyonalize okipasyon Etazini. Epitou yo te fè pwomosyon stereyotip negatif ki kontinye jouk jounen jodi a.