« Mouvman endijenis la » Michael Dash

Dash se pwofesè Franse, ak analiz kiltirèl e sosyal nan Inivèsite New York. Li ekri anpil liv tankou Literature and Ideology in Haïti: 1915-1961 (1981) ak Haïti and the United States: National Stereotypes and Literary Imagination (1997).

Endijenis ayisyen an se yon mouvman literè radikal ki te devlope nan lane 1920 yo kòm yon reyaksyon nasyonalis anfas okipasyon ameriken an. Gen anpil lide ki te enfliyanse mouvman sa a: lide Charles Maurras, kouran primitivis ki te parèt an Frans nan lane nan mitan de lagè yo, mouvman Harlem Renaissance lan ak rejyonalis latino-ameriken an.


Jan Prays-Mas, yon doktè ak etnograf ayisyen te gen yon pakèt enfliyans sou militan mouvman sa a akòz etid li te fè sou  kilti peyizànri ayisyen an nan Ainsi Parla l’Oncle (1928), yon liv ki te prezante yon defans ak ilistrasyon rasin afriken kilti ayisyen an. Yon revi ki pat parèt pandan lontan, « La revue indigène » (1927-28), te dire sis mwa e li te gen sis nimewo. Se Emil Woumèr avèk kolaborasyon powèt Jak Woumen, Kal Bwa, Filip Tobi-Maslen ak Nòmil Silven ki te edite l. Yon lòt revi, « La Trouée », ki te fonde pandan menm ane a, te pi politik, alòske « La Revue Indigène » te gen plis tandans evoke peyisaj ayisyen oubyen dekri sèn lavi nan vil la san yo pat antre nan politik. Powèm yo pat dirèk nan opozisyon yo te fè kont jan militè ameriken t ap eseye foure modènizasyon ann Ayiti avèk sovajri. Pat janm gen powèm konsa anvan nan literati ayisyen an – yo te san parèy nan jan yo te gen odas nan fòm yo, jan yo fè bagay lokal ki rive nan lavi chak jou tounen yon kreyasyon atistik. Otan yo tap pwoteste kont materyalis oksidantal la, se otan yo tap  chante lwanj eleman espesifik ayisyen yo.

De nan vwa ki te pi remakab nan jenerasyon powèt sa a se te Filip Tobi-Maslen (1905-1975) ak Kal Bwa (1902-1965). Yo te konnen premye a pou jan li te fè eksperimantasyon nan fòm powèm yo lè l tap prezante sèn nan lavi ayisyen, tankou « l’Atlas a menti » ak « Grand’-rue » ki se de deskripsyon enpresyonis ki sanble kolaj yon Ayiti k ap chanje rapid rapid. Sèvi ak kreyòl nan tèks sa yo pat poze pwoblèm pou li pou l ekri konpozisyon an vè lib sa yo, ki te konn komik. Pita, yo tap konnen l plis kòm womansye. Kal Bwa, ki se te kontanporen li te plis yon bowemyen e yon mistik. Powèm li te ekri nan peryòd sa a se otan selebrasyon vyolan kanibalis ke evokasyon yon monn parya sosyal ki fèt pou skandalize boujwazi ayisyen an. Li te inisye nan relijyon vodou epi kriz posesyon te konn enfliyanse powèm li yo. Pa egzanp, nan « Hmyne à Erzulie. » Tèm li trete soti nan deskripsyon anbyans malouk tankou nan « Bouge » pou rive nan konsyans sosyal tankou nan « Vous » ak erotik jan nou wè l nan « Ma muse. »


Rive nan ane 1930 yo, endijenis te gentan pase mòd pandan entelektyèl li te fasone ak ide l yo te chwazi swa Maksis oswa nwaris kòm ideyoloji ki te pi bon pou rekonstrui Ayiti apre okipasyon an te fini an 1934.