« Mizik ak Resistans » Michael Largey

Largey se pwofesè etnomizikoloji nan Inivèsite leta Michigan. Li ekri Vodou Nation: Art Music and Cultural Nationalism (2006); epi li se youn nan otè Caribbean Currents: Caribbean Music from Rumba to Reggae (1996).

Pandan okipasyon ameriken ann Ayiti soti 1915 pou rive 1934, rezistans ayisyen kont fòs okipasyon an te soti nan aksyon militè karebare kako yo, zam alamen, pou rive nan deklarasyon atistik atis, ekriven ak konpozitè ayisyen yo.


Youn nan mizisyen rezistan kont okipasyon an ki te pi enpòtan se te konpozitè ayisyen Oksid Janti (1860-1936). Se li ki te ekri mizik pou mizisyen palè yo oubyen Okès prezidansyèl la. Mòso Janti ekri ki gen plis siksè a se “1804”, pou komemore santyèm anivèsè Endepandans

Ayisyen an. Ayisyen te adopte moso sa a tankou yon senbòl mobilizasyon kont fòs militè ameriken yo. Lè Janti te jwe « 1804 » sou Channmas devan palè nasyonal la nan Pòtoprens, moun yo te tèlman fè bri merin ameriken te fini pa defann Jeanti jwe l. Janti te ekri tou mizik pou “Miss Ragtime” Jehan Ryko a, yon komedi mizikal ki te pase fòs ameriken okipasyon yo nan betiz lè li te chare fason yon vizitè ameriken ann Ayiti ap masakre kreyòl ayisyen an.

Yon lòt konpozitè enpòtan ki te aktif anpil pandan okipasyon ameriken an, se Lidovik Lamòt (1882-1953), yon piyanis ki te gen siksè avèk mizik pou danse li yo tankou mereng, danza ak vals. Lamòt te ekri yon mereng ki rele “Nibo” pou konpetisyon kanaval 1934 la, ki tap selebre fen kontwòl ameriken sou Ayiti. Lamòt te ekri tou moso pou piyano tankou “Sobo” ak “Loco” ki selebre eritaj kiltirèl afriken Ayiti genyen, nan yon epòk kote pifò konpozitè ayisyen tap gade bò Lewòp pou enspirasyon atistik yo.

Jisten Eli (1883-1931) se te yon lòt konpozitè ki konpoze mizik pandan okipasyon an, men se kilti endyen an ki te sèvi l kòm enspirasyon pou li ekri « Kiskaya », yon mòso aborijèn pou òkès (1928). Sizyèm dans nan « Méringues Populaires » (1920), Elie ekri a, baze sou « Totu pa gen dan », yon chante Ogis Depradin, yo konn rele Kandjo tou, te ekri.  Chante Kandjo ki te voye pwen kont sosyete a te popilè anpil nan mitan piblik ayisyen yo.

Se vre konpozitè ayisyen yo pat abitye antre an konfli dirèk osinon fizik ak fòs okipasyon yo, men yo te itilize konpozisyon yo pou dinamize piblik ayisyen an avèk lide rezistans kont dominasyon etranje a.