« Woman peyizan an » Valerie Kaussen

Kaussen se pwofesè asosye nan Inivèsite Missouri nan vil Colombia. Li ekri Migrant Revolutions: Haitian Literature, U.S. Imperialism, and Globalization (2008).

Se sèten woman peyizan an se jan literè ayisyen ki pi rezistan an, ki soulve plis diskisyon.  Premye woman ki pale de milye peyizan ayisyen yo parèt bonè nan kòmansman ventyèm syèk la. Woman tankou La famille des Pitites-Cailles (1905) Jisten Lerison te ekri, ak Mimola (1896) Antwàn Inosan te ekri, ap dekri pafwa avèk anpil presizyon etnografik kilti peyizan ayisyen an: batay kòk, konbit, epi sitou rityèl vodou.

Epoutan, se ant 1910 ak 1930 woman peyizan ap parèt mèt tèt li nèt. Yo te asosye l avèk mouvman endijenis la, yon konsyantizasyon literè ki te mande pou yo eksplore aspè estetik kilti natifnatal ayisyen an, ak spesifisite nasyonal la. Nasyonalis kiltirèl ayisyen sa a te yon reyakson kont rasis ak neyokolonyalis okipasyon Etazini an. Kilti a te menase avèk rejim rejyonal ki te etabli apre lagè sivil espayòl la ki te sou dominasyon enperyalis « yankee » a ; se te yon fason pou pwoteje l epi anrejistre l. Ekriven ayisyen asosye ak mouvman endijenis la te sibi enfliyans diplomat, nasyonalis, etnograf Jan Prays-Mas anpil; se li ki te ekri prefas pou omwen de woman peyizan enpòtan anpil nan epòk la : La montagne ensorcelée (1931) Jak Woumen te ekri e Le Drame de la terre (1933) Jan-Batis Sineyas te ekri. Jenn ekriven ayisyen ki te soti nan elit edike a (tankou Woumen ak Sineyas) t ap chache goumen kont sa Jan Prays-Mas te rele « bovaris kolektif » jenerasyon paran yo – yon atirans pou tout sa ki etranje, sitou franse – yo te vle vire gade pito bò peyizànri an kòm sous vrè idantite nasyonal ayisyen an. Idantite a te afriken, yon eritaj elit ayisyen an te toujou denigre. Yo te pito rete lwen moun ki te parèt reprezante eritaj sa a, sa vle di mas riral nwa a. Siksè Ainsi parla l’Oncle (1928) ki se yon kondanse etnografi, istwa, ak fòlklò montre kòman etnografi te rete yon entètèks enpòtan pou woman peyizan an, e anpil ekriven ki pale de tèm peyizan – tankou Sineyas, Woumen ak Petyon Saven – te etnograf swa pwofàn swa pwofesyonèl.


Malgre sa, otè woman peyizan yo te plen kontradiksyon sou anpil aspè kilti yo tap dekri yo, sitou vodou. Nou ka di leta ayisyen an te izole e eksplwate  peyizànri ayisyen an pandan plis pase yon syèk ; sa ki fè peyizànri a te viktim yon kalite apated anbachal, e ideyoloji rasyalize ki te jistifye sitirasyon sa yo pat fasil pou disparèt. Woman Sineyas la, Le Drame de la terre,  ase tipik nan sans sa a. Li rakonte istwa de ougan, Frè Dubré ak Mapou Laloi, de rival ki te abitye youn ap jwe ak lòt, men jwèt la tounen serye lè yon ti kòmè anpenpan nan bouk la chwazi pitit gason Frè Dubrè a kòm mennaj nan plas pitit Mapou Laloi. Sa ki fè Mapou Laloi planifye epi rive asasinen lòt la. Istwa Sineyas la se tankou yon pretèks pou reprezante mès ak anviwonman peyizan ayisyen an, pandan l ap di anbaanba, avèk anpil patènalis, se tandans pou vyolans ak sipèstisyon, ansanm ak sechrès ak maladi, ki pi gwo sous mizè peyizan an.

Konsatou, nan premye woman li a, La Montagne ensorcelée, Woumen rakonte asasinay yon manman ak pitit fi li tankou se lamizè ak sipèstisyon nan bouk la ki responsab. Malgre Woumen montre li gen plis konsyans sosyal pase Sineyas, li deklare kareman mòdènizasyon ak devlopman nan zòn riral ap mennen disparisyon vodou. Se yon pawòl li chita plis sou li toujou nan pi gwo liv li a, liv anpil moun konsidere tankou kòm woman peyizan ki pi selèb depi tout tan ki gen tan, Gouverneurs de la rosée (1944). Nan woman sa a, Manuel, yon ayisyen ki te al koupe kann tounen nan bouk li a ; li sòti Kiba kote li te pran kontak ak teyori maksis. Nan bouk Manuel la, peyizan yo te divize akòz yon vye konfli ki te la depi plizyè lane ; Manuel t ap eseye ede kominote a jwenn rekonsilyasyon nan yon travay kolektif pou yo bati yon kannal pou sispann sechrès ki t ap kraze yo. Manuel asosye « konfli plen san sa a » avèk pratik vodou, li mande peyizan yo pou yo soti anba sipèstisyon ak tout konfli zanzèt yo k ap kenbe yo nan tan lontan. Men konfli lontan yo toujou la e yo touye Manuel. Sou kabann li anvan li mouri, Manuel mande pou yo pa vanje lanmò li : li di sakrifis lavi yon nèg kapab gen plis pouvwa pase sakrifis poul  ak kabrit. « Sakrifis » Manuel la pote rezilta, e nan fen woman an, peyizan yo reyini pou yo pote dlo pou wouze latè a.
Se pa tout moun ki apresye woman peyizan yo. Kritik li yo site patènalis, esansyalis rasyal, ak seksis pami tèm li pa fin klè sou yo. Vrèman vre, woman peyizan yo pale mwens de li se sèl woman peyizan yon fanm, Mari Chovè, ekri Fonds des Nègres (1960). Nou te ka di olye woman peyizan ayisyen yo ban nou enfòmasyon sou mès ak anviwonman klas peyizan ayisyen an, li prezante yon imaj valab e nyanse sou relasyon ki genyen ant sa Prays-Mas rele « de nasyon » Ayiti yo : elit katolik frankofòn lan, ak  majorite vodouyizan riral kreyolofòn  yo.