« Rezolisyon » Linyon Patriyotik

Yon ekstrè Rezolisyon Linyon Patriyotik ki te ekri an 1920. Se entelektyèl ak lidè politik tankou Jan Prays-Mas, Jòj Silven ak Stenyo Vensen ki te alatèt Linyon an.

Kòm eksperyans nou fè nou konprann nou bezwen retabli relasyon politik nòmal ant Ayiti ak Etazini.

Kòm lè de puisans, youn natif natal, lòt la etranje, ap aji anmenmtan nan menm peyi a se anachi sa pote, e sa pa ka kontinye nan ka Ayiti a san li pa koze dega serye pou peyi a, ki pat dakò.

Kòm li enpòtan pou Ayisyen pwofite de senpati epi apiye bòn volonte etranje, tankou sa ki fèt Ozetazini Etazini, k ap travay pou ede kòz nasyon nou an.

Nou menm Ayisyen ki siyen non nou anba deklarasyon sa a, vle deklare lafwa nou genyen nan avni peyi nou, devosyon nou genyen pou sa ki pi bon pou li, e angajman ki pap febli nou genyen pou entegrite teritoryal li.

Nou fè sèman solanèl pou nou travay nan bon jan linyon e nan lapè pou nou rive byen vit nan moman lè pèp Ayisyen an ap kapab repran kontwòl desten li epi pran sou responsabilite li pouvwa pou li jere zafè pa li avèk souverènte total kapital e endepandans nèt ale.

Nou dakò sanpousan ke pou nou ede akonpli aspirasyon nasyonal yo:

1. Asosyasyon nou an rele Linyon Patriyotik e tout moun ann Ayiti ki antre ladann aksepte visyon nou ak objektif nou ekri anwo a. L ap egziste jouk li jwenn objektif li.


2. Asosyasyon nou an gen yon komite santral aksyon ak pwopagann 55 moun pou reprezante l nan Pòtoprens.  Gen yon Biwo 15 manm ki soti nan komite santral la pou reprezante komite a.

3. Lè li nesesè, komite santral la mande reyinyon Linyon Patriyotik.  Komite a reyini chak mwa e si gen sikonstans ekstrawòdinè lè Biwo a jije li nesesè. Biwo a ap toujou aktif.


4. Asosyasyon nou an delege tout pouvwa bay komite a pou li ekri epi aplike stati ki pral detèmine fonksyonman l.  Biwo a responsab pou fè lyen ant Linyon Patriyotik ak divès komite lokal yo, ansanm ak gwoup etranje ki enplike tèt yo nan zafè Ayiti, nan sans enterè nasyon an. L ap itilize tout mwayen pratik e pran tout mezi li dwe pran pou akonpli objektif sa a.

Viv Ayiti!

Moun sa yo ekri e siyen papye sa a nan Pòtoprens, 22 novanm 1920

Bosan, F.L. Koven, Lespinas, M. Morpo, D. Jano, Poleyis Sanon, D. Bouran, Jòj Silven, Ls Ed. Poujè, Leyon No, Stenyo Vensen, C. Rosmon, P. Tobi, Pray-Mas, Leyon Lyoto, Abèl N. Leje, Viktò Koven, C. Vye, V. Delbo, Rigal, Kleman Lespinas, Boko, Is. Vye, Doktè Salomon, F. Viya, Doktè F. Kwakou.