« Afro-ameriken, fanm ameriken ak okipasyon an » Millery Polyné  

Polyné se pwofesè adjwen nan Gallatin School of Individualized Study nan Inivèsite New York. Li ekri From Douglass to Duvalier: U.S. African Americans, Haiti, and Pan Americanism, 1870-1964 (2010).

Lè fòs militè etranje yo rive sou kot yon repiblik ki se yon zile endepandan avèk entansyon pou yo anvayi l epi pou yo kontwole zafè ekonomik ak politik peyi sa a kanmen, kòman sitwayen fòs lokipasyon yo ak sitwayen nasyon yo okipe a reyaji? Pandan diznevan, soti 1915 pou rive 1934, Ayiti te sou dominasyon Etazini. Malgre tout jefò Etazini te fè pou li te ranfòse konstriksyon Anpi li a nan fen diznevyèm syèk la ak premye mwatye ventyèm syèk la, sa ki te dèyè entèvansyon finansyè e militè li te fè Kiba, Pòtoriko, Repiblik Dominikèn ak Nikaragwa, te gen yon mouvman anti-enperyalis ki te leve. Mouvman sa a te fò e li te toujou prezan; li te chache konbat lojik ki ta vle fè moun aksepte lide ke Washintòn te responsab « natirèl » zafè peyi karayib yo, espesyalman, e leta ki pat nan Oksidan epi ki te soudevlope anjeneral. Anpil gwoup enpòtan nan Etazini, ladan yo nou ka konte Afro-ameriken yo, fanm yo, misyonè relijye yo, ak kominis yo, te pwoteste kont agresyon Etazini a ak enterè stratejik yo ann Ayiti ak nan Karayib la, pase non sèlman li te vyole souvrennte ayisyen an e kontinye yon kontwòl kont nwa yo nan espas kolonyal la, men tou pase li te reflete enjistis sosyal ak ekonomik nan mitan fanm yo ak nwa ameriken yo nan peyi Etazini.


Asosyasyon nasyonal pou avansman moun ki pa blan yo (NAACP) te jwe yon wòl enpòtan nan bay enfòmasyon sou vyolans kont Ayisyen yo. James Weldon Johnson, Sekretè Ekzekitif NAACP a te ekri yon seri atik pou The Nation an 1920 ki te montre gouvènman ameriken an pa t gen entansyon “imen” pou li te jere pwoblèm sistemik peyi Ayiti. Anplis, Johnson te ede òganize yon branch ameriken Inyon Patryotik la, yon òganizasyon ki te angaje l pou l fè Ayiti jwenn yon dezyèm endepandans. Anpil lòt òganizasyon afro-ameriken ak konferans politik tap batay kont enperyalis ann Ayiti, tankou Lig pou sove Ayiti (Save Haiti League) Napoleon B. Marshall la, Konferans Ouvriye Nwa Ameriken an (American Negro Labor Conference), Konferans Nasyonal Repibliken ki pa blan yo (National colored republican Conference), ak plizyè kongrè pànafriken. An 1927, manm katriyèm kongrè pànafriken nan lavil Nouyòk te mande pou militè ameriken yo kite Ayiti e sispann kontwole finans peyi a.

Òganizasyon fanm tankou Konsèy Entènasyonal Fanm ras ki pi fonse yo (International Council of Women of the Darker Races) ak Lig Entènasyonal fanm pou lapè ak libète (Women’s International League for Peace and Freedom) fè tande vwa yo e òganize vwayaj rechech pou chache konprann, e dokimante pouvwa Etazini ann Ayiti; sa ki, dapre travay aktivis Emily Balch Occupied Haiti te afekte anpil lavi Ayisyen yo kit se nan kesyon sante, travay, edikasyon oswa libète piblik. Anpil nan fanm sa yo, afriken ak anglo-ameriken, jan chèchèz Mary A. Renda deklare l, te adopte yon “sistèm diskou patènalis” ki te ilistre relasyon ki te manke ekilib ant ofisyèl ak pèsonèl militè Etazini yo ak administratè ak piblik ayisyen an.

Menm jan an, kritik enjistis ak divizyon klas manm Pati ouvriye a (Worker’s Party) ansanm ak Pati kominis ameriken an te fè te gen anpil enpòtans pandan peryòd okipasyon ameriken an ann Ayiti. Opinyon sa yo te montre koneksyon lojik ki genyen ant estrateji ekonomi liberal la ansanm ak antrepriz yo ak aparisyon ekspedisyon enperyalis yo. Kidonk, opozisyon kont entèvansyon Etazini ann Ayiti te divès e te gen anpil enfliyans – soti nan politik ak pratik nasyonal diskriminatwa ak vyolans kont fanm ak nwa ameriken pou rive nan inisyativ pou lapè mondyal ak tout objektif antikolonyal yo sou kowòdinasyon yon gwoup aktivis, entelektyèl ak edikatè tout ras melanje.