« Grèv etidyan Damyen yo » Jennifer Greenburg

Greenburg se yon kandida doktora nan depatman Istwa Inivèsite Kalifòni nan vil Berkeley. Lap prepare tèz li sou Ayiti pandan lokipasyon ameriken.

Jedi 31 oktòb 1929, Georges Freeman te chita nan fotèy li nan biwo l, janm li byen lonje, pip li nan men l, l ap koute yon entèprèt k ap tradui pou li revandikasyon yon delegasyon etidyan ki t ap plenyen pase yo te redui bous yo. Se Freeman ki te direktè Sèvis Teknik la, pyès mètrès edikasyon agrikòl ak vokasyonèl ann Ayiti pandan okipasyon ameriken an ; se te youn nan eleman enpòtan revizyon nan teknoloji okipasyon an ke yo te vle mete sou pye apre represyon sovaj yo te fè kont Kako yo nan dizan anvan yo. Administratè yo te deside redistribye yon pati nan lajan yo te prevwa pou bous yo; bous yo te baze sou merit e leplisouvan se etidyan boujwa lavil ki te resevwa yo. Yo tap ranplase yo ak yon pwogram tankou yon « work study », ki ta pèmèt etidyan yo peye etid yo pandan yo tap fè travay manyèl sou tè agrikòl lekòl la. Anvan li te mete etidyan yo deyò nan biwo l la, li te eksplike yo tou kouman li te ka ranplase yo san pwoblèm ; Freeman ajoute avèk èd entèprèt la, si bous yo egziste se grasa tranzaksyon pèsonèl li te fè ak prezidan Bòno, e li ka redui yo jan li vle san li pa pran opinyon etidyan yo.

Delegasyon etidiyan an te kite biwo Freeman lan, yo te refize monte nan bis ki konn fè navèt ant Pòtoprens ak kanpis Damyen an, epi yo fè 8 kilomèt yo apye pou rantre Pòtoprens. Sa ki te kòmanse kòm yon diskisyon entèn sou zafè bous ta pral gaye byen rapid pou vin tounen yon grèv jeneral si tèlman enpòtan, li tap fòse Etazini planifye kòman l tap kite Ayiti. Revòlt Damyen an se te aboutisman plizyè lane mobilizasyon kont okipasyon an, ak anpil mouvman politik. Nan lespas yon semèn, etidyan tout lòt gran kanpis nan Pòtoprens te soulve tou ansolidarite. Anplwaye ladwàn suiv kèk tan apre. Pwotestasyon politik la te gaye nèt nan mwa novanm 1929. Pwotestatè yo boule efiji Georges Freman, li te vin senbolize pou yo figi ekspè ameriken patènalis e rasis, ki tap touche yon pakèt lajan.

6 desanm, yon ti gwoup merin te tire sou yon gwoup 1500 peyizan nan lavil Okay, nan sid peyi a; yo te touye yon douzèn moun, yo te blese 23 lòt. Masak nan vil Okay la se te dènye kou pou okipasyon ameriken an. Kondanasyon entènasyonal la gaye epi fòse prezidan Hoover nonmen Komisyon Moton pou evalye sistèm edikatif la, Komisyon Forbes ki ta pral rekòmande retire fòs ameriken yo ann Ayiti.