« Travo Piblik »  Ekip editoryal Yon Zile ki Klere

Yon kritik yo fè souvan sou okipasyon ameriken an se ke amelyorasyon yo te fè nan enfrastrikti Ayiti yo pat dire. Istoryen Hans Schmidt ekri « pwojè travo piblik tankou konstriksyon pon, lekòl ak system kominikasyon fin deperi depi lè a. »  Epi Robert ak Nancy Heinl di « sa okipasyon an te fè epi te eseye fè oubyen konstrui… nou vin wè se sou sab yo tap konstrui l. » Menm si fòk nou kondane kòve a ak lòt mezi pinisyon Etazini te anplwaye pou amelyore enfrastrikti ann Ayiti, fòk nou pa bliye Ayisyen te eseye konsève epi menm devlope pwojè travo piblik yo lè okipasyon an te fini.

Pandan premye manda li antanke prezidan, Stenyo Vensan te kòmande plis pase 50 pwojè konstriksyon ak reparasyon wout. Leta te ranje wout ant Pòtoprens ak Mibalè ki te konstrui ak kòve a lè Etazini te okipe Ayiti. Epitou, li te repare  wout ki te lye Fon Vèrèt ak Saltrou, Twen, Benet ak Jakmèl.


Leta te renove epi konstrui 18 pon. Se Pon Stenyo Vensan an ki te pi enpòtan. Li te travèse Rivyè Gwayamouk nan Ench, kifè li te fasilite aksè nan plato santral. Pon Vensan se te premye pon sispansyon Ayiti. Se li k te fè fyète wout ki te lye Pòtoprens ak Okap la. An 1932, gwo lapli te detwi plizyè pon. Strikti ki te fèt anbwa tankou Pon Betèl sou wout Akayè a ak pon ki te pase anlè Rivyè Islè sou wout ki te lye Pòtoprens ak Okap la te sibi anpil domaj. Men yo te rebati yo byen vit, epi fwa sa a ak fè. Pon Desalin sou Rivyè Latibonit ak Pon Petyon sou Rivyè Fèyacheval te renove ak fè tou.

Le Etazini te rale kò l an 1934, li te remèt Radyo Senmak Pòtoprens bay gouvènman ayisyen an. Administrasyon Vensan an te kontinye fè piblik Ayisyen an jwenn nouvèl lemonn. Anmenmtan, leta a te ouvri yon sant telefòn nan Pòtoprens.

Leta te fè travay irigasyon ak sanitasyon toupatou nan peyi a. Li te bati twa rezevwa dlo. Li te fouye nouvo kanal irigasyon nan Akayè, Leyogàn, Gantye, Kwadèboukè ak Latobonit. Epi li te enstale kanalizasyon nan plizyè zòn iben.