« Moris Datig ak edikasyon » Mercer Cook (1903-1987)

Yon ekstrè nan Education in Haiti Cook te pibliye an 1948. Cook se te yon edikatè ak diplomat nwa ameriken ki te travay Nijerya, Senegal ak Ganbi.

Lè nou gade l nan kontèks peryòd 1900-1915 la ki te gen anpil twoub, nou kapab di peryòd 1931-46 anjeneral te byen kalm. De prezidan – Stenyo Vensan (1931-1940) ak Eli Lesko (1941-46) ki te pase nan eleksyon jan lalwa ayisyen mande l te gouvène peyi a, menm si gouvènman yo te sanble diktati lè nou konpare yo ak standa AmerikdiNò. Peryòd trankil sa a te bay yon anbyans ki te pemèt pwogrè fèt nan edikasyon, menm si otorite lekòl yo te konfronte lamizè ak… lòt pwoblèm … toujou. Vensan te enterese nan edikasyon depi lontan. An 1895, li te kolabore ak L.C. Lerison sou La Législation de l’instruction publique, yon liv ki endispansab pou moun k ap etidye edikasyon Ayisyen.


Pwogrè te fèt nan sektè edikasyon sou toude prezidan yo. Yo te fè bati nouvo lekòl, fè konsolide lekòl pi piti, yo te òganize twa nouvo lise, yo te ogmante salè, amelyore fòmasyon pwofesè, epi te gen plis enskripsyon, yo te bay lekòl yo yon òganizasyon ki te sanble antrepriz epi te vin gen plis kowoperasyon ak ajans ak enstitisyon nan edikasyon Ozetazini. Anpil nan bagay sa yo te rezilta efò yon jèn edikatè ki sanble pat janm fatige… Antanke direktè edikasyon nan zòn riral pandan yon pati nan administrasyon Vensan an, epi minis enstriksyon piblik ak agrikilti sou Lesko soti me 1941 pou rive oktòb 1945, Moris Datig te tabli yon repitasyon kòm moun ki fè plis tan nan gwo pòs edikasyon. Sa te pèmèt li aplike anpil nan lide l yo sou de prezidan ki vin youn apre lòt. Men, li te gen opozisyon.

Lè Datig te vin minis, anpil Ayisyen te pè pou nan zèl li te genyen pou edikasyon pratik, pou l pat sabote syans imèn yo. Yo te sonje jan l te pwòch Ameriken yo : an 1929, li te youn nan 2 pwofesè Lekòl Agrikilti a ki te refize patisipe nan grèv la. Apre sa, li te pran Metriz li nan Lekòl Nòmal Colombia University nan Nouyòk. Kritik yo vin ògmante lè li te voye plis jèn Ayisyen toujou nan inivèsite Ameriken, epi lè yo te tounen, li te mete yo nan gwo pòs administrasyon. Tout pandan ane 1945 lan, Le Nouvelliste, pi ansyen jounal Ayisyen an, te fè kanpay kont moun li te rele «  Mèt… » pou pase yo nan betiz. Te vin gen plis resantiman [lè] li te fèmen lekòl nòmal gason yo, chanje staf ak kourikoulòm lekòl nòmal fi yo, li te mete kou pou pwofesè lise yo, epi te adopte 65 pousan kòm nòt pou pase nan tout lekòl olye 5 sou 10 menm jan ak nòt tradisyonèl nan sistèm fransè a. Kòmdabitid, genyen nan opozisyon an ki te sensè, men genyen tou ki te soti nan moun ki tap regle kont pèsonèl yo oubyen ki te gen anbisyon politik pa yo.