« Monte Trujillo » Lauren Derby

Derby se Pwofesè Asosye Istwa nan Inivèsite Kalifòni nan vil Los Angeles. Li ekri The Dictator’s Seduction: Politics and the Popular Imagination in the Era of Trujillo (2010).

Pitit yon vòlè bèf, Rafael Trujillo te monte grad nan Gad Nasyonal Etazini te fòme a, epi li pran pouvwa nan yon koudeta ansoudin nan ane 1930. Se yon metis li te ye; manman l te soti nan yon fanmi Ayisyen rich ki te tabli SenDomeng pandan okipasyon ayisyen an (1822-44). Trujillo pat soti nan menm ran sosyal epi te reprezante yon defi popilis pou elit liberal yo ki tap gouvène depi endepandans. Li te reprezante yon defi tou pou doktrin yo ki te chita sou ouvri mache ak fè agrikilti pou ekspòtasyon, sa  ki te transfòme ekonomi a nan yon kilti inik ki te baze sou sik yo tap kiltive pou mache ameriken an ak yon mendèv ki te dabò soti nan Karayib la, epi apre sa, ki te sitou soti Ayiti.


Alòske ekonomi a tap kraze pandan Gwo Depresyon an, yo te vin wè model sa a tankou yon kokenchenn echèk, epi te vin gen anpil sipò pou yon nasyonalis gwo ponyèt ki tap ka pwoteje souvrennte Dominiken epi etabli mezi pwoteksyon ekonomik ak frontyè solid pou anpeche Merin Ameriken ak migran Ayisyen rantre nan peyi a. Pou l te fè sa, li te achte pifò nan ekonomi sik la, li te ankouraje sibstitisyon pou enpòtasyon yo, epi li te dèyè masak sovaj plis pase 20,000 rezidan frontyè a ki te gen orijin Ayisyen an 1937. Pifò nan yo tap viv san pwoblèm sou teritwa Dominiken an depi plizyè jenerasyon, sa ki fè devan konstitisyon an, se Dominiken yo te ye. Pandan siklòn San Zenón an an 1930, ki te kraze vil kapital SenDomeng kote pi fò lavil la te tounen debri, Trujillo te prezante tèt li kòm yon nèg pèp la, li te toujou la nan lari a, li tap ede moun ki pat gen kay yo epi li tap dirije asistans medikal la.

Men, an verite, li te etabli yon kalite gouvènans baze sou bonjan represyon ak kapitalis zanmitay, pi gwo nivo nan ekonomi a te vin tonbe nan men pa l ak nan men fanmi l ak pi gwo asosye l. Li te prezante yon imaj politik popilis, pou sa li te anplwaye sousou ofisyèl ki te ekri liv pou chante lwanj modènizasyon ak devlopman nasyon an li tap fè ak travo piblik li yo. Youn nan otè sa yo se te Sander Ariza, ki te ekri yon tèks pwopagann ki genyen pou tit Trujillo, The Man and his Country (se rejim lan ki te peye pou liv la epi fè pibliye l). Foreign Affairs te dekri tèks sa a kòm “yon pòtrè trè janti de gwo ponyèt Dominiken an” nan fason plen moderasyon ki karakterize yo. Kalite tèks sa yo te ede poli imaj Trujillo kòm yon nasyonalis pwogresis, malgre yon kanpay laterè ki te genyen ladan l asasina enmi politik jouk Nouyòk, ak anpil koripsyon kote li te met men sou yon kantite kòb pou l vin youn pami nèg ki te pi rich nan Amerik yon nan ane 1950 yo.