« Masak 1937 la » – Edward Paulino

Paulino se Pwofesè Adjwen Istwa nan John Jay College nan vil Nouyòk. Li pral pibliye yon liv sou relasyon Ayisyen-Dominiken ak masak 1937 la.

Masak Ayisyen yo an 1937 te yon kanpay jenosid diktaktè dominiken Rafael Trujillo te kòmande nan fen sektanm ak mwa oktòb la kote solda lame a ak sivil yo te rekrite pou sa te sible kominote Ayisyen ak Ayisyen-Dominiken nan Repiblik Dominikenn sitou nan zòn frontyè a.

Si otorite Dominiken yo te sansire tout nouvèl sou masak la, Ayiti pat fè menm jan an, kidonk jounal li, tankou Le Nouvelliste (13 oktòb 1937) ak atik li a « Le Malheureux Incident de la Frontière » (Malere Ensidan sou Frontyè a) te bay rapò sou « asasina san eksplikasyon nan peyi vwazen an » epi sou jan refije, pou n pale pi klè, sivivan, tap vide sou peyi a tankou « 18 kap suiv tretman aktyèlman nan lopital Okap la ki montre sa ki preske enposib pou rekonèt. » Menm jan ak lòt rapò nan jounal, ton atik la te fè atansyon pou l pat agrave tansyon ant de peyi yo.


Malgre sa, asasina jenosid sa yo te bay egzile anti-Trujillo yo yon lòt rezon pou yo te denonse rejim lan. Egzil politik yo, tankou fondatè Pati Sosyalis Popilè nan Repiblik Dominikenn (se li k te la anvan Pati Kominis Dominiken an), Pericles Franco Ornes, te tabli nan peyi Chili. Ak yon pwològ Pablo Neruda te ekri pou li, li pibliye La tragedia dominicana (Trajedi Dominiken an) kote menm jan ak anpil lòt egzile nan epòk lan, li pale de masak la kòm yon rapèl plen san sou britalite rejim lan.

La dominicanizacion fronteriza (Dominikanizasyon frontyè a) Manuel A. Macahdo Báez te pibliye an 1955 (ke nou kapab wè pi ba a) te fè pati yon seri piblikasyon ki te gen plizyè volim ladan l ki te fè pati selebrasyon ki te make vensenk lane Trujillo te genyen sou pouvwa a an 1955. Liv Báez la se youn nan ra sous ki gen longè liv ki gen tout statistik gouvènman an sou pwojè leta sa a ki te sèvi pou bay tantativ gouvènman an pou l revandike lejitimite frontyè Dominiken an nan sans fizik ak kiltirèl. Liv sa a reprezante yon eritaj kote jounen jodi a politik gouvènman Dominiken an kontinye rejte Ayisyen ak desandan yo pou yo pa fè pati kò politik Dominiken an ak melanj kilti plen pwoblèm li a.