« Resantiman kont Vensan »  Jacques Stephen Alexis (1922-1961)

Yon ekstrè Compère général soleil Alexis te pibliye an 1955, yon liv Carrol F. Coats tradui an anglè. Aleksi se te yon ekriven maksis e aktivis ki, tankou anpil lòt, pat kontan ditou jan Prezidan Vensan te negosye kesyon masak nan fwontyè a avèk Trujillo. Nan woman li an, li dekri Vensan ak siksesè li a, Eli Lesko (li ba li non Jewòm Patiro), tankou de malveyan imoral.

Konsèy Minist lan te chofe anpil. Prezidan Vensan te move. Li t ap sote ponpe. [Jewòm] Patiro te rete bòkote l.

“Ou konprann, Patiro, avèk vye vagabon sa yo [minis kowonpi yo], talè yo pap vle wè gouvènman m lan…”.

Patiro leve tèt li. Bagay yo te grav, pi grav pase sa l te kwè. Prezidan an te pran yon dezisyon. Reflèks li ki te fè l jwenn yon jan pou li rete ak prezidan an te kòrèk.


“Natirèlman, ou byen reflechi sou kesyon an, Prezidan. Yon chanjman nan kabinè a ap kalme pèp la, men… »

Patiro vin vèt. Prezidan an tonbe ri.

“Se ou sèl mwen di sa, kifè pèsonn pap konn anyen. Pa vre, mon chè fiti ansyen minis?”

… Patiro t ap trenble.  Eske nèg sa a ta sinik ase pou li di l tout sa epi pou l ta voye l jete ak lòt yo? …

“A! Mwen santi m poukont mwen, Patiro. Poukont mwen! Mwen pa gen sipò. Yo tout nan kò m. Poukont mwen! Jewòm, eske ou sonje lè nou te lise Petyon?”

Je l beze, Patiro t ap obsève l. Li te aksepte ase. Kounyè a li te tan pou fè l te ba l yon ti kè sote...

“Wi, Prezidan! Lè a rive! Kilès ki ta kwè yon jou mwen tap okipe korespondans sekrè w avèk Trujillo?

Vensan pa briding kò l.


Captions Image 1
Contre Vincent (1946) dapre Milo Rigaud, ki, tankou Alexis te opoze Vincent ak Lescot.
Sous ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Captions Image 2
Vincent reponn opozan li yo nan « Affaires Emile Rigaud » (1947).
Sous ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Captions Image 3
Jacques Stephen Alexis rankontre Mao Zedong an Chin. Sous ► Haïti en marche (6 a 12 out 2008)

Captions Image 4
Sténio Vincent, Révélé par la justice et par l’opinion publique (1957) dapre Milo Rigaud.
Sous ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Captions Image 5
Réponse aux esclaves volontaires (1946) dapre Milo Rigaud.
Sous ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida