Book« Repons Dominiken apre masak Ayisyen yo an 1937 » Richard Lee Turits

Turits se Pwofesè Asosye Istwa nan Inivèsite Michigan. Li ekri Foundations of Despotism: Peasants, the Trujillo Regime, and Modernity in the Dominican Republic (2003).

Ant 2 ak 8 oktòb 1937, militè Dominiken te touye ak manchèt nenpòt 15,000 migran Ayisyen ak Dominiken ki te gen orijin Ayisyen ki tap viv nan zòn frontyè nan Nòdwès Repiblik Dominikenn depi plizyè deseni. Apa kèk ra eksepsyon, yo pat sible Ayisyen ki tap travay nan chan kann yo, ki te nan yon lòt zòn. Avan sa, nan frontyè a, te gen bon jan relasyon ant moun orijin Ayisyen yo ak Dominiken yo– pifò nan moun sa yo se te peyizan endepandan. Epi frontyè ant de nasyon sou zile a te plizoumwen ouvri san restriksyon. Sa ki ironik la, se ke diskou ofisyèl la te plis pou Ayisyen olye l te kont Ayisyen depi diktaktè brital Rafael Trujillo te monte sou pouvwa a an 1930. Kidonk, masak 1937 te sanble yon bagay ki te tonbe sou moun yo san yo pat konn kote l te soti. 


Gouvènman dominiken an te antisipe yon repons ak zam ki tap soti Ayiti. Yo te fè fanm ak timoun kite zòn frontyè a pou yon moman. Men lame ayisyen an pat fè anyen ni pou defann ni pou vanje konpatriyòt li. Ofèt, nan premye moman yo, Stenyo Vensan te entèdi tout diskisyon piblik sou masak la e li te refize kite legliz chante mès pou mò yo. Sèl repons gouvènman an se te pou mete deyò yon deklarasyon ansanm ak gouvènman Dominiken an jou 15 oktòb pou minimize enpòtans asasina yo : « Ak lespwa kèk ensidan ki te pase nan pati nò frontyè a ant Dominiken ak Ayisyen patap sijè okenn kòmantè egzajere ki ta kont amoni ant [de nasyon yo]… nou deklare bon relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikenn pa sibi okenn domaj. »

Devan presyon ki tap monte ann Ayiti – manifestasyon, grèv, rive jouk nan yon koudeta ki pat reyisi nan mwa desanm – Vensan te fini pa egzije yon ankèt entènasyonal ak medyasyon. Trujillo pat vle sibi yon ankèt, ki fè li te pito ofri Ayiti yon endemnite. Se devine selman nou kapab devine poukisa Vensan te prese aksepte $750,000 Trujillo te ofri a (se $525,000 sèlman li te janm peye) ann echanj pou l pat pousuiv abritaj entènasyonal la.

Nan akò endanmnite li te siyen nan vil Wachingtonn 31 janvye 1938, gouvènman dominiken an pat rekonèt « okenn responsabilite ditou » nan asasina yo. Anplis, nan yon deklarasyon li te fè bay peyi ki te temwen akò a – Meksik, Kiba ak Etazini – Trujillo te met aksan sou jan akò a te tabli nouvo lwa pou met restriksyon sou migrasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikenn : « Plis pase yon endemnite… [sa a ap] asire avni fanmi Dominiken an epi anpeche… sèl menas ki peze anlè tèt avni pitit nou, ki se te penetrasyon, pasifik men pèmanan epi tèti pi move eleman Ayisyen an nan teritwa nou a. »

Ofèt, nan akò endemnite a, rejim Trujillo a te defann masak la kòm yon repons a yon imigrasyon ilegal mitik Ayisyen ki swadizan pat dezirab tap fè. Kidonk, Trujillo te transfòme yon moman skandal entènasyonal ki te ka jete rejim li an l pou fè l tounen yon evenman fondatè pou rann leta a lejitim atravè yon nasyonalis anti-Ayisyen. Nasyonalis sa a te rasyonalize ni masak la ni nouvo frontyè a gouvènman an te fenk kòmanse fèmen epi siveye kòm aksyon nesesè pou pwoteje yon kominote Dominiken ki te jwenn definisyon l nan orijin etnik li ak lang li. Men se masak la li menm ki te fenk konstrui kominote sa a ak vyolans.

An novanm 1937, Trujillo te kòmanse yon ankent kriminèl sou « ensidan » sou frontyè a, ki te abouti nan mwad mas nan konviksyon kèk douzèn sivil Dominiken ki te oblije avwe yo te touye 423 Ayisyen. Men ni pwosè sa yo, ni akò a ak Ayiti pat mete fen nan laterè a. Nan prentan 1938, Trujillo te kòmande yon lòt kanpay kont « Ayisyen », fwa sa a sou frontyè sid la. Pandan plizyè mwa, plizyè milye te oblije sove epi kèk santènn te jwenn lanmò yo.

Repons Dominiken nan frontyè nò a devan masak la te varye. Asasina oubyen fuit mwatye popilasyon an te kraze kominote yo, epi nan plas sikilasyon lib ki te fèt souvan ant Ayiti ak Repiblik Dominikenn, yo te fè fas a yon frontyè fèmen. Pou anpil nan yo, masak Trujillo a te sanble yon laterè san eksplikasyon. Men, genyen lòt, epi sitou pitit yo, ki ak letan te vin aksepte anti-Ayisyanis elit Dominiken nan vil yo ki te la depi lontan epi te vini kwè asasina yo te restore yon vrè idantite Dominiken nan frontyè a. Sa te koresponn ak rasis anti-Ayisyen ki tap ogmante pami Dominiken anjeneral atravè peyi a pandan gwo kantite migran Ayisyen tap entegre nivo pi ba nan mache travay la nan deseni ki te suiv masak la.