«  Pàn-Amerikànis ak Entènasyonalis »  Chantalle Verna

Verna se Pwofesè Adjwen Istwa ak Relasyon Entènasyonal nan Florida International University. Li pral pibliye yon liv sou relasyon ant Ayiti ak Etazini ki rele “The Uses of America.”

An 1945, edikatè Ayisyen, Max Gustave Chaumette te dekri Ayiti kòm “bèso Pàn-Amerikànis” – kote ide sou egalite nasyon yo atravè Amerik yo (Karayib la, AmerikdiNò, diSid ak Santral), pwomès pou youn respekte lòt ak benefis potansyèl kowoperasyon politik ak ekonomik te fèt. Se te yon gwo deklarasyon paske pi fò moun nan rejyon an te asosye Pàn-Amerikànis ak Venezwela oubyen Etazini, kòm revolisyonè AmerikdiSid la, Simon Bolivar te òganize Kongrè Pànama an 1826 epi Sekretè deta Etazini James G. Blaine te òganize Konferans Eta Ameriken nan vil Wachingtonn an 1889. Ayiti pat ale nan Kongrè Pànama a paskè laperèz rasyal ak strateji politik Bolivar te fè l kite Ayisyen andeyò plan rejyonal li a ofisyèlman, men Prezidan Ayisyen an, Flòvil Ipolit te reponn envitasyon Blaine la epi li te voye de delege (Ati Lafòrèstri ak Anibal Prays) nan Konferans ki te fèt Wachingonn lan. Men, wòl Ayiti te jwe nan istwa Pàn-Amerikànis ak lòt mouvman entènasyonal pou òganizasyon te plis pase wòl yon nasyon ki te majinalize oubyen patisipan ki te met kò l tou piti. Se poutèt sa Chomèt ak anpil lòt politisyen, edikatè, ekriven, atis ak lòt abitan privileje vil Ayisyen te fè promosyon pou enpòtans Ayiti pou yon konpreyansyon istorik, aktyèl e fiti Pàn-Amerikànis la pandan ane 1930 ak 1940 yo.


Nan yon epòk apre Premye Gè Mondyal la (1914-1918) epi pandan Dezyèm Gè Mondyal la (1937-1945) lè gouvènman ameriken an te met anpil lajan nan fè promosyon alyans entè-Ameriken pou etabli li nan tèt afè entènasyonal ak politik, elit Ayisyen yo ki te konnen zansèt yo te make yon presedan pou anti-kolonyalis ak anti-esklavaj nan rejyon an, epi te suiv egzanp kreye alyans epi bay mouvman endepandans nan rejyon an sipò, te angaje yo pou yo te monte stati entènasyonal Ayiti tou. Souvan yo te  fè referans a patisipasyon moun lib ki pat blan nan Ayiti kolonyal (Sen Domeng) nan Batay Savana a pandan revolisyon ameriken an ak revolisyon Ayisyen an kòm fondasyon premye lidè Ayiti yo te kanpe sou yo pou angaje yo pou ede batay revolisyon lòt lidè ki tap chèche pran endepandans yo anba kolonyalis ewopeyen, ladan yo te gen Bolivar ki te fè bak sou ekspresyon gratitid li lè l te pran distans politik li ak Ayiti.

Nan yon sans pi laj toujou, efò elit Ayisyen pou pale de Ayiti kòm yon pati istwa ak kominote Pàn-amerikànis te kontribye nan yon kilti entènasyonalis ki te kòmanse pran zèl pandan epòk gè mondyal sa a, pandan lidè ak sitwayen nasyon atravè lemonn tap chèche kijan pou yo te etabli lapè politik, fè pwomosyon prosperite ekonomik, epi ankouraje amelyorasyon kiltirèl imànite. Ayisyen te pami fondatè ak manm aktif efò pou òganize nan rejyon an ak nan lemonn, tankou Inyon Repiblik Afriken (1890; ki te vin chanje non l epi jwenn plis enèji pou l vin bay Inyon Pàn Ameriken an 1910, epi anfen Òganizasyon Eta Ameriken, 1945 – jounen jodi), Lig Nasyon yo (1919-1946) ak Nasyonzini (1945- jounen jodi). Òganizasyon sa yo tè fòme pou enstitisyonalize aspirasyon kiltirèl, politik ak ekonomik epòk la pou kreye alyans entènasyonal. Nan òbsèvasyon yo te pibliye sou enpòtans òganizasyon sa yo, entelektyèl ak òmdeta Ayisyen tankou Etzè Vilè, Jan Prays-Mas ak Alfrèd Nemou te note ke patisipasyon Ayiti te yon chans pou montre kapasite Ayiti pou kontribye nan yon alyans, pa sèlman pou benefisye Ayiti oubyen moun orijin Afriken, men pou tout imànite. Pa egzanp, lè l tap ekri sou fondasyon Nasyonzini, Nemou te met aksan sou jan prezans Ayisyen te reprezante ide ke tout manm ras imen an ta dwe jwenn rekonesans kòm egal e ke rankont lan te ranfòse fòs yon alyans entènasyonal pou kenbe prensip sa a.

Anplis fè promosyon plis konesans sou Ayiti ak prensip li te vle ankouraje yo, elit Ayisyen yo te sèvi ak lyen yo te genyen ak òganizasyon rejyonal ak entènasyonal pou yo fè lobiying pou bagay konkrè tankou negosyasyon akò komès (gade dokiman Vilè ak Prays-Mas ki pi ba a) ki tap ranfòse prezans agrikòl ak endistriyèl Ayiti nan monn lan; fè lobiying pou mete fen nan okipasyon militè ameriken yo ann Ayiti; jwenn asistans pou fè medyasyon pou yon repons a masak Ayisyen yo nan Repiblik Dominikenn an 1937; epi, mande resous finansye ak moun pou pwogram edikasyon ki tap sible rezidan Ayiti nan zòn iben ak riral. Anpilfwa, alyans entènasyonal sa yo te baze sou idantite nasyonal, men elit Ayisyen yo te kontribye tou nan monte entènasyonalis ki baze sou enterè sou yon kesyon spesifik, tankou batay pou dwa moun orijin Afriken (Kongrè Pàn-Afriken), klas travayè (Pati entènasyonal Sosyalis/Kominis), fanm (Oksilyè Fanm Pàn-Ameriken) osnon kòm profesyonèl ak atis literè (Sosyete Pwofesyonèl ak Ekriven) pou leve defi yo te wè kòm pi ijan nan vi yo, nan kominote yo ak lòt kote sou latè.

Menm si yo pat toujou akeyi patisipasyon yo byen ni si pèspektiv yo pat toujou fè tout moun plezi, Ayisyen ki te angaje yo nan Pàn-Amerikànis, epi pi laj toujou, nan Entènasyonalis te fè tande vwa yo, te rete pwolifik epi aktiv. Nan sans sa a, yo te montre angajman Ayisyen pou reprezante tèt yo kòm moun ki merite plas yo, ki ta dwe jwenn rekonsesans kòm kontribitè epi pou yo ta jwenn chans benefisye rasanbleman nasyon yo atravè rejyon epi nan lemonn.

Captions Image 1
La panaméricanisme à travers l’histoire d’Haïti (1944) dapre Max Gustave Chaumette.
Sous ►: Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Captions Image 2
La charte des Nations Unies (1945) dapre Alfred Nemours. Sous ►: Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Captions Image 3
La mission de Mr. le depute Etzer Vilaire, et de Mr. le sénateur Price-Mars à Prague, à Paris et à Genève en 1931 (1932).
Sous ►: Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida