« Konsepsyon SHADA »  Jean Casimir

Casimir se pwofesè nan Inivèsite dEtat Ayiti. Li te gen pòs Ambasadè Ayiti nan Etazini e nan OEA. Li ekri anpil liv, tankou La Invención Caribe (1997), Ayiti toma, Haïti chérie (2000), ak Pa bliye 1804 (2004).

Jiskadat jodi a se Elie Lescot (1941-1946) ki rete moun ki fè plis refòm nan estrikti ekonomik peyi a, moun ki preske reyisi reyalize devlopman ekonomik si nou gade wòl yo te bay Ayiti nan kote yo pran dezisyon ki afekte lemonn antye. Motivasyon ekstèn pou devlopman sa a pa dire ase lontan e Lesko pa t kapab fini travay li.

Pandan Dezyèm Gè Mondyal, Etazini te retwouve l nan yon sitiyasyon delika parapòa founisè tradisyonèl li nan AzidiSid ki te konn vann li kèk materyèl estratejik brit. Paralèlman, Prezidan Lesko te trase zòn agrikòl Ayiti pou yo te ka konsidere yo kom zòn estratejik. Pwodiksyon yo te oblije chanje pou yo te satisfè bezwen ijan kominote entènasyonal la. An 1941, li pran mezi nesesè pou li kreye yon antrepriz agrikòl ki rele SHADA, Sosyete Ayisyen pou Eksplwatasyon Agrikòl. Yo fè lansman SHADA gras a yon prè Bank Ekspò-Enpò, sou fòm yon konpayi kote Gouvènman Ayisyen an te patisipe. Li te gen “monopòl” (sa ta vle di konsesyon) pou li kiltive e ekspòte kawotchou pou yon peryòd 50 an. Konsèy SHADA a te sou ladireksyon reprezantan EXIMBANK, ki, kòm pa aza, te yon fonksyonè nan Depatman Agrikilti Etazini. Teren SHADA te achte a te kouvri yon total 58,400 ekta, pou kiltive kawotchou, ak 75,000 ekta pou eksplwatasyon materyèl konstriksyon anbwa. Gérald Tinois te estime total 133,400 ekta sa yo te reprezante 21.55 pousan tè agrikòl peyi a.

Anplis, Konpayi Min Ayisyen Reynolds Enkopore, “te gen otorizasyon pou li chwazi (nan zòn gouvènman an te seleksyone yo) yon kantite lo teren ki pat dwe depase 150,000 ekta ototal ».

Gouvènman Lesko a te fasilite tou devlopman kèk biznis rejim anvan yo te kòmanse. Li retire « monopòl » » ekspòtasyon fig ki te nan men Standard Fruit Company pou li bay yon moun nan fanmi l. Pitit gason l, Anri Lesko, te resevwa « monopòl » kòmès entèn sizal, ak kèk privilèj nan pwodiksyon luil esansyèl, e patnè li, O.J. Brant te resevwa kontwòl esklizif sou mache koton an. Fòk nou note menm Brant sa a te pwodui nan pwòp faktori tekstil pa l, 11 pousan konsomasyon nasyonal tekstil la. Anplis, li te posede yon izin pou luil vejetal ak grès animal.

Pa konsekan, pandan Dezyèm Gè Mondyal la, leta te itilize tout pouvwa politik li pou mòdenize e divèsifye agrikilti, e stimile endistri agrikòl yo. Avèk devouman e pèseverans, yo entwodui relasyon kapitalis nan zòn riral yo. Ansanm ak devlopman estratejik agrikòl sa a, gouvènman Lesko a te pran kèk mezi pou konsantre kapital la nan aktivite komèsyal yo. Ane lagè yo se te yon bèl epòk pou spekilasyon ak mache nwa pou pwodui premye nesesite yo. Gouvènman an etabli, yon bò, pri elve e gwo maj pwofi komèsyal et li te jele lwaye nan kay lavil yo pandan, yon lòt bò, li te kontinye ofri « monopòl » bay paran ak bon zanmi Prezidan an.