« Fyète nwa, pouvwa nwa » Kersuze Simeon-Jones

Simeon-Jones se Pwofesè Asosye Etid Afriken ak Frankofòn nan Inivesitè SidFlorid nan vil Tampa. Li ekri Literary and Sociopolitical Writings of the Black Diaspora in the Nineteenth and Twentieth Centuries (2010).

« Fyètye Nwa » se esansyèlman afimasyon tèt yo Nwa fè lè yo anrejistre istwa yo epi prezève kilti yo. « Pouvwa Nwa » se rann Nwa otonòm nan tout dimansyon l, atravè yon edikasyon kòmsadwa ak avansman. Premye manifestasyon otonomi òganize moun nwa nan nouvo monn lan te kòmanse pran fòm pandan revolisyon trèz lane ki tap mennen nan kreyasyon repiblik dAyiti. Pandan manda Tousen Louvèti kòm gouvènè jeneral, li te lite pou mete sou pye egalite rasyal nan Sen Domeng. Men, strikti yon yerachi sosyo-ekonomik ki te baze sou koulè te rete la pandan tout istwa peyi a.


Nan somè li nan ane 1940 yo, mouvman Nwaris la te chèche wete prejije koulè ki te kreye opòtinite favorab pou milat yo. Prejije koulè ki te ni politik ni sosyal ki te kòmanse pandan epòk kolonyal Sen Domeng la – pou pwofi ekonomik – te jwenn plis jarèt ak yon diskriminasyon san kache nan repiblik la pandan epi apre okipasyon ameriken an. Pandan prezidans Eli Lesko (1941-1946), yo te chwazi milat ak lòt sitwayen ak po klè ki pat kalifye pase yo te chwazi lòt  sitwayen edike kalifye ki te gen po pi fonse pou pòs nan gouvènman an. Menm si moun tankou Franswa Divalye ta pral sèvi ak filozofi Nwaris la pita kòm retorik politik, premye objektif Nwaris te sanble ak aspè otonòm mouvman endijenis la, mouvman Negritid la (nan yon pèspèktiv transnasyonal) epi pita, mouvman Pouvwa Nwa a Ozetazini. Apèl la se te pou yon denonsyasyon kategorik vyolasyon dwa moun nwa, moun nwa pi fonse yo nan kontèks Ayiti.

Nan lèt ouvri li te ekri bay Rene Pikyon, direktè Lekòl Nòmal Siperyè osijè « Manuel de la Négritude » (1967) li a, doktè Jan Prays-Mas te eksplike plis toujou teyori l sou edikasyon apropriye li te deja prezante nan La Vocation de l’élite (1919). Se sèlman atravè etid pwòp istwa pa nou ak valorizasyon kilti nou ke nou kapab rive nan entegrite entelektyèl. Kidonk, yon pwogram pedagojik ta dwe kontekstyalize nan istwa, kondisyon tan prezan ak pèsonalite pèp li bezwen edike a.

Piblikasyon Ainsi Parla l’Oncle Jan Prays-Mas nan ane 1928 te make atikilasyon valè tradisyon sosyal ak relijye Afriken ki anndan sosyete ayisyen an. An 1937, Psychologie haïtienne ; vodou et magie Doktè J. C. Dòsenvil la – ke l te pataje nan yon seri konferans Ozetazini – te demistifye relijyon vodou a aletranje. Li te afime rasin li pou Ayisyen lakay. Nan Psychologie, Doktè Dòsenvil te analize pozisyon diferan yo genyen nan sosyete ayisyen an ansanm ak kote yo chak soti pou delimite distenksyon ant relijyon vodou a ak maji.