« Mouvman feminis la »  Myriam J.A. Chancy

Chancy se Pwofesè Anglè nan Inivèsite Cincinnati. Li ekri Framing Silence: Revolutionary Novels by Haitian Women (1997) ak Safe Spaces: Afro-Caribbean Women Writers in Exile (1997).

Kwake fanm toujou patisipe nan zak rezistans politik ann Ayiti depi nan epòk revolisyon an, yo te patisipe tou nan batay anndan peyi a pou otonomi ak endepandans tankou mouvman baz 1844 la ki pot non “revòlt pikè” Lwiz Nikola te mennen, sa nou ka rele yon mouvman feminis toutbonvre nan sans modèn ekspresyon an te kòmanse pandan okipasyon ameriken an (1915-1934). Fanm nan mache te sèvi kòm rebèl; yo te ede mouvman geriya ankachèt la kont Merin Ameriken yo ki tap travèse frontyè Ayisyen-Dominiken an nan fè pase zam ak enfòmasyon. Lè britalite okipan yo kont Ayisyen, sitou kont fanm tout klas yo te parèt aklè, fanm nan klas mwayenn ak boujwazi a te òganize pou denonse vyolasyon dwa moun ki tap fèt nan epòk la. Manm klas sa yo te patisipe nan rapòte vyolasyon sa yo nan yon rapò Lig Entènasyonal Fanm pou Lapè ak Libète te fè an 1927.

Kòm rezilta premye efò sa yo pou reprezante entère fanm nan fason politik, an 1934, yon gwoup pi laj fanm ki te konsène te òganize Lig Feminin Aksyon Sosyal. Fanm ki te òganize yo anba chapo sa a te batay pou solisyon pou plizyè pwoblèm sosyal ki te gen rapò ant yo. Yo te fonde Asosyasyon Fanm Ayisyen pou Òganizasyon Travay pou konfronte kesyon egalite pou fanm ak dwa yo nan kote yap travay an 1934 ak yon òganizayon pou travay sou kesyon dwa timoun an 1939. Òganizasyon dwa timoun lan te chèche fè pase lwa pou pwoteksyon timoun epi te pibliye yon revi ki te rele « L’aube. » Òganizasyon an te travay tou sou kesyon lamizè, yo te kreye yon fon pou asistans sosyal an 1939 ak sipò sè Prezidan Stenyo Vensan an, Rezya Vensan. De pi gwo akonplisman Lig la se te fè pase amandman konstitisyonèl pou valide epi pwoteje fanm antanke sitwayen Leta ki te gen plen otonomi pa yo epi pou pwoteje dwa pitit yo, ansanm ak pwomosyon inite atravè klas sosyal atravè revi literè/politik Voix des femmes. Voix des femmes, ki te kòmanse an 1935 gen tout enpòtans li paske li se premye piblikasyon feminis nan Karayib la.

Menm si yo gen rezon kritike Lig la pou elitis li (gen kont egzanp nan paj revi a), menm jan ak mouvman sifraj ann Ewòp ak AmerikdiNò, yo pat kapab rekonèt pwòp privilèj pa yo anndan batay pou emansipasyon fanm kon eleman patriachi a. Men, li rete vre ke yo te kwè dwa yo tap goumen pou yo jwenn yo ta dwe pou tout fanm, kèlkeswa klas yo ; yo te patisipe nan rankont entènasyonal fanm epi te bay mouvman rezistans entènasyonal solidarite yo nan paj Voix. Yo te sèvi kòm pon ant global ak lokal la epi te reyisi kèk gwo evenman enpòtan pandan premye ane aktivite yo. An 1934, yo te batay pou lwa pou bay fanm yon salè minimòm egal ak pa gason yo, ak twa semenn konje matènite. An 1943, efò yo te gen kòm rezilta yon lise pou jenn fi nan Pòtoprens. An 1944, yo te kòmanse aksepte fi nan lise ak kolèj ki te dabitid pou gason nan zòn lan. Nan pwovens, Lig la te travay pou konbat analfabetis e te kontribye nan amelyorasyon kantite peyizan ki te konn li ak ekri. Toujou an 1944, efò Lig la pou fè rekonèt dwa politik fanm nan Konstitisyon an te bay kòm rezilta fanm te gen dwa okipe pòs nan eleksyon, men yo pat gen dwa vote. Sa a te mennen nan yon rebelyon etidyan Leyoni Madyou te mennen. Li te blese epi yo te arete l pandan patisipasyon l. Kòm rezilta revòlt sa a, yo te fè bak sou dwa elijibilite a epi fanm yo pat jwenn dwa vòt la. Yo tap oblije tann jouk 1950 pou dwa sa yo ta reyalize. Malgre elitis li, se nan premye efò Lig la nou kapab jwenn rasin feminis Ayisyen. Fanm ayisyen ki te re-òganize ajennda feminis Ayiti a nan fen ane 1980 yo ak ane 1990 yo te tounen nan rasin sa yo, pou yo imajine yo yon lòt jan epi elaji yo.