« Jak Woumen ak mouvman kominis la »  Léon-François Hoffmann

Hoffmann se pwofesè emerit Fransè ak Italyen nan Inivèsite Princeton. Li ekri anpil liv, tankou Le roman haïtien : idéologie et structure (1982) epi li edite zèv total Jak Woumen (2003).

Tankou anpil entèlektyèl anvan Dezyèm Gè Mondyal, lè Jak Woumen te jenn – li menm ki te youn nan lidè rezistans kont okipasyon ameriken an epi yon gwo kritik kolaboratè l yo nan boujwazi ayisyen an – se Maksis ak Leninis ki te enspire l.

An 1934, li te fonde Pati Kominis Ayisyen an epi te siyen manifès li, yon panflè 18 paj ki te rele Analyse schématique : 32-34. Siman se ak zanmi l Etyèn Chevalye ak Krisyan Bolye l te ekri l. Menm lè a, yo arete l kòm moun ki nan sibvèsyon. De  zan apre, prezidan Stenyo Vensan te pase lòd pou kraze Pati a epi voye Woumen ann egzil.


Pandan l te ann egzil an Bèljik, Lafrans epi pita Ozetazini ak Kiba, Woumen te kenbe kontak ak òganizasyon tandans gochis epi te bay kontribisyon li nan piblikasyon kominis. Pandan vi kout li a, li te suiv modòd pati Stalin te etabli a. Li te aprouve asasina Trotsky, li te defann akò Larisi ak Almay an 1939 epi li pat kritike Natzi yo anvan yo te anvayi Inyon Sovyetik.

Nan lèt li te voye bay madanm li, li te tout tan ap atake demokrasi oksidantal yo, li pat janm mansyone efò yo tap fè nan lagè a alòske l tap selebre viktwa Ris yo sou fron Lès la. Nan fen vi li, li te vin pwòch kominis alman ann egzil an Meksik, epi pami dènye moun li te rann vizit anvan l mouri se zanmi lontan l ak kominis parèy li, powèt Kiben an, Nicolás Guillén.