« Kanpay anti-sipèstisyon an » Kate Ramsey

Ramsey se pwofesè adjwen Istwa nan University of Miami. Li eki The Spirits and the Law: Vodou and Power in Haiti (2011).

Fen ane 1920 yo pou rive nan kòmansman ane 1940 yo te ane kriz pou anpil pratikan relijyon Vodou atravè peyi dAyiti. Apre represyon pratik rityèl popilè pandan okipasyon ameriken an, ant 1915 ak 1934, an 1935 kòd penal la te vin pi strik kont sa yo te rele pratik sipèstisye. Apre sa, an 1940-42, nouvo lwa sa a te sèvi Legliz Katolik la kòm baz legal pou kanpay pi sèvè ki te janm genyen kont Vodou rive nan dat sa a. Gouvènman Eli Lesko a te bay yon sipò militè nan kòmansman. Yo te distribye manyèl legliz bay pè (pifò se te Franse) nan tout peyi a ki te di kanpay anti-sipèstisye a te gen rasin li nan yon vag renonsyasyon popilè « sipèstisyon » ki te kòmanse an 1939 nan zòn yon pawas nan Sant peyi a, ak patisipan ki te rele tèt yo « rejete ». Men katechis ki te parèt nan menm manyèl sa yo, ansanm ak rapò nan jounal, lèt pèsonèl ak lòt sous fè nou panse ke fò nou konprann kanpay legzli la kòm yon efò pou konbat pwopagasyon ak enfliyans Protestantis nan Ayiti apre okipasyon an.


Se lè legliz la te eseye bay « misyon anti-sipèstisyon l » yo ekstansyon pou rive Pòtoprens an fevriye 1942 ke pale anpil sou kanpay la te vin pi plis. Laprès ayisyen an te vin pi kritik toujou lè nons apostolik la, Monseyè Silvani te bay yon entèvyou nan jounal Dominiken an, Listin Diario pandan mwa a kote li te chante lwanj pou modènite ak pwogrè Repiblik Dominikenn anba rejim Rafael Leonidas Trujillo pandan li te bay yon imaj Ayiti tankou yon peyi « ki tap jete sipèstisyon… piti pa piti » ak « kwazad » legliz li (gade lyen an). Twoub nan legliz nan Pòtoprens an fevriye ak mas 1942 te sèvi kòm pretèks pou leta ayisyen an wete sipò l pou kanpay la. Yo te deja retire l an tèm pratik. Yerachi katolik ann Ayiti a te met fen nan tout « misyon anti-sipèstisyon » kèk tan apre sa.

Jak Woumen – gwo ekriven, ko-fondatè Pati Kominis Ayisyen (PCH), epi, nan moman kanpay anti-sipèstisye la te pi fò, fondatè Biwo Etnoloji ayisyen an – te pi gwo kritik legliz la ak moun ki te ekri plis pandan epi apre kanpay la. An mas 1942, Woumen te ekri yon atik an twa pati nan Le Nouvelliste (gen yon lyen pou premye a la a) ki te gen pou tit « Sur les Superstitions » ki te vin fòme baz pou A propos de la campagne anti-superstitieuse/ Las Supersticiones li a ki te pibliye an franse ak espanyol pita nan ane a.