« Revolisyon 1946 la » Matthew J. Smith

Smith enseye nan depatman Istwa ak Akeyoloji nan Inivèsite West Indies nan vil Mona, nan Jamayik. Li ekri Red and Black in Haiti: Radicalism, Conflict, and Political Change, 1934-1957 (2009).

Nan plizyè fason, nou kapab di Ayiti rantre nan epòk modèn politik li a ak Revolisyon 1946 la. Konfli koulè ak klas nan peyi a te agrave sou Eli Lesko, ki te vin apre Prezidan Stenyo Vensan an 1941. Lesko te gouvène ak fòs epi, menm jan ak Vensan, li te konte anpil sou lagad Dayiti (ansyen jandamri a) pou kenbe pouvwa a. Malgre sa, li pat kapab kontrole pilsyon radikal viktwa fòs alye yo te deklanche an 1945. Jenn maksis ann Ayiti te jwenn anpil enspirasyon nan revolisyon ris la, lagè sivil espay la, maksis franse, André Breton ak mouvman sireyalis la ak jenerasyon kominis ayisyen ki te vin anvan an, sitou gwo powèt maksis la, Jak Woumen. Popilarite l ak lejann li te vin pi plis apre lanmò sibit li an 1944.


Se pa sèlman abi elit yo tap fè de pouvwa politik la ki te ajite etidyan maksis sa yo, ki te desideman revolisyonè nan vizyon yo e ki te gen ladan yo ekriven plen talan Jak Stefenn Aleksi, Rene Depès ak Jera Blonkou, men se te entèferans Etazini nan politik ak ekonomi Ayiti pandan Dezyèm Gè Mondyal la tou. Nan edisyon ògàn yo, La Ruche, ki te parèt pou Nouvo ane 1946 la, yo te mande pou politik Ayiti chanje oryantasyon l nan yon fason dramatik epi yo te mande fen diktati ann Ayiti. Lè Lesko te fòse près la fèmen, li te provoke yon michan manifestasyon etidyan. Se manm kolektif La Ruche la ki te alatèt li. Nan kèk jou, manifestasyon etidyan an te grandi pou tounen yon grèv nan tout peyi a. Yon Lesko ki pat ka fè anyen devan sitiyasyon an te oblije bay demisyon l.

Apre « Revolisyon 1946 » la, Ayiti te fè eksperyans yon peryòd gwo aktivite radikal. Pou premye fwa nan istwa peyi a, te gen yon boujonman jounal radikal ak douzèn pati politik ki te fòme, ladan yo te gen plizyè pati gochis. Ladan yo te gen yon Pati Kominis Ayisyen (PCH) ki tap reveye ak Pati Sosyalis Popilè a (PSP). Se ansyen alye Woumen ki te nan tèt PSP a ki te gen pi gwo koneksyon ak gwoup maksis nan peyi Kiba, Repiblik Dominikenn ak Etazini.

Men se gwoup nwaris yo ki te gen plis enfliyans an 1946. Radikalis nwaris te gen anpil dèt pou devlopman yon konsyans nwa nan ane 1940 yo ak devlopman yon mouvman travayè ki te fèt yon jan ta an 1946. Pi gwo pèsonalite nan mouvman travayè a e nan epòk anvan Divalye a, se te Danyèl Finyole, pa gen kesyon sou sa. Yon jenn pwofesè matematik ak ekriven ki soti nan kondisyon pòv andeyò, Finyole te konn pale byen anpil epi majorite iben nan Pòtoprens lan te kwè ladan l anpil. Pou anpil moun, se kapasite li te genyen pou rantre nan preyokispasyon majorite Ayisyen yo ak bèl diskou an kreyòl lòt moun pat ka fè ki eksplike jan Finyole parèt sou sèn politik la an 1946.

Pou ekriven nwaris yo, Finyole te senbolize lespwa yo epi pil moun ki tap suiv li yo te wè l kòm yon mesi parapòa dominasyon politik boujwazi a. Pati Finyole a, Mouvman Ouvriyè ak Peyizan (MOP) te fòme an 1946 epi te vin tounen pi gwo òganizasyon travayè nan istwa Ayiti. Malgre manyetis Finyole, ak ajennda radikal maksis yo, se toujou Etazini ak Gad dAyiti ki te gen plis pouvwa an 1946. Se sou direksyon Gad la, eleksyon te fèt 16 out, sak te vin bay viktwa Dimasè Estime, yon depite Verèt ak tandans nwaris. Administrasyon Estime a ki te dire 4 an te vin parèt kòm youn nan sa ki pi pwogresis nan ventyèm syèk la.