« Mouvman Travayè Ayisyen » Michel Hector

Hector se prezidan Sosyete Ayisyen Istwa ak Jeyografi. Li ekri epi edite plizyè liv, tankou Syndicalisme et socialisme en Haïti, 1932-1970 (1989), Crises et mouvements populaires en Haïti (2000) ak Genèse de l’État haïtien (2013).

Apati enstalasyon nouvo gouvènman Estime a an out 1946, mouvman sendika a te ranfòse anpil konpare ak sitiyasyon pandan jesyon jent militè a. Tantativ pou òganize te  parèt tout kote. Batay te gaye. Pati politik ki te pran pozisyon pou enterè pwoletè yo te mennen anpil aktivite nan mitan travayè yo. Se pandan gouvènman sa a yo kreye yon Biwo Travay pou rezoud konfli. Anplis, yo te vote anpil lwa pou regilarize aktivite komès, grèv, sekirite sosyal, elatriye. Se te yon kokenn boustè, premye fwa sa te pase nan istwa mouvman Travayè Ayisyen.

Twa federasyon òganizasyon sendikal te parèt pandan peryòd sa a. Se te Federasyon Travayè Ayisyen (FTH), ki te gen yon gwo enfliyans sosyalis; yon òganizasyon yo te rele Sendika ouvriye ak travayè (SOT), ki te reyini sendika ki te asosye ak lidè travayè popilè, politisyen Danyèl Finyole ; e yon gwoup sendika endepandan, sèl federasyon epòk sa a ki te mande pou reyini ouvriye sou baz pwofesyon. Apati oryantasyon l ki te vize yon inite sendikal, dènyè òganizasyon sa a te plis tankou Federasyon Travayè Ayisyen pase Sendika ouvriye ak Travayè. Malgre Jenès Ouvriye Kretyen (JOC) an pa t rive monte federasyon travayè pa l tankou Pati Sosyal Kretyen ki te fonde nan epòk sa a, li te eseye kanmenm mete yon prezans òganize pou Legliz Katolik la nan klas ouvriyè a, fòk nou mansyone sa.

Pouvwa twa federasyon sa yo pat menm. Toutbonvre, kouran Fiyolis la te gen enfliyans ki te ale pi lwen pase sendika ki te afilye avèk li. Avèk gwo dominasyon Finyole te genyen sou mas yo nan Pòtoprens ak lòt zòn tou pre yo, li te antre fon nan pwoletarya nan kapital la. Pozisyon li, ki te parèt sosyalis, men anmenm tan anti-kominis, te mete plis konfizyon ak divizyon nan mitan fòs travayè yo. Epoutan, nan moman sa a, se klè li te bòkote fòs demokratik Ayiti yo. Kanta pou FTH la, li pat gen tout enfliyans politik Finyolis la te genyen. Malgre sa, se te òganizasyon ki te pi pwòch enterè demokratik tout pwoletarya a.