« Travayè HASCO yo fonde yon sendika » Daniel Fignolé (1913-1986)

Yon ekstrè Contribution à l’histoire du mouvement syndical en Haïti Finyole te pibliye an 1954. Finyole se te yon pwofesè ak yon popilis tou limen ke moun pòv Pòtoprens te renmen anpil. Prezidan Estime te vle Finyole sèvi kòm Minis Edikasyon li. Men Finyole te kite gouvènman an rapid pou ede mobilize mouvman travayè Ayiti a. Li te kòmanse nan Haitian-American Sugar Company (HASCO), jan li eksplike l pi ba.

Nou te pale sou kondisyon travay nan antrepriz komèsyal, agrikòl ak endistriyèl an 1946 e ane ki suiv yo. Pifò gouvènman nan peryòd apre 1915 la te eksplwate sistematikman mizè ak iyorans mas yo, e yo te dirije peyi a selon pi bon enterè yon minorite ki gen monopoli. Jounen jodi a toujou, travayè ayisyen an se yon esklav prodiksyon pou ekspòtasyon.


Entelektyèl pwogresis ki te gen lide sou demokrasi ki pat koresponn ak fason klas dirijan an konsidere vi politik, ekonomik ak sosyal nan milye a, te kòmanse mouvman pou ranvèse Prezidan Eli Lesko.

Nou tout konnen wòl enpòtan mwen te jwe nan evenman sa yo. Nou tout konnen ke olye m te mande satisfasksyon pou tèt pa m, mwen te vle eseye fè yon revolisyon pi solid ki tap chanje mantalite pèp la ak klas dirijan an. Mwen te pwopose nouvo enstitisyon pwogresis.

Mwen te fè demann, mwen te vanse pi devan. Mwen te fonde Pati Popilè Nasyonal. Mwen te òganize mach popilè kote mwen te denonse devan tout nasyon an pwoblèm politik, ekonomik, ak sosyal ki pat dwe egziste. Kolonèl Benwa O. Aleksann sanble li te konprann mwen e li te ofri m yon gwo pozisyon nan Ministè Edikasyon. Men mwen te di m pito al jwenn pèp la. Mwen te eksplike yo mwen te vle wè yo viv nan yon Ayiti demokratik.

Travayè Hasco yo te konprann mesaj mwen an. Men kijan yo te fonde sendika travayè yo a….

Msye Prezidan [Komite Ekzekitif Militè a.]

Nou menm ki siyen non nou anba a, avèk plis pase desan travayè HASCO, nou fòme yon sendika pou pwoteje enterè nou e asire sitiyasyon nou pitipiti va amelyore. Nou chwazi pwofesè Danyèl Finyole kòm prezidan nou.

Nou pa vle deranje lapè piblik. Nou mande pou ou rekonèt egzistans e operasyon inyon nou an pou pèsonn pa akize nou eseye kraze òganizasyon izin lan.

Manm Komite Egzekitif militè yo, tanpri aksepte salitasyon nou nou prezante nou ak anpil respè.

Se Kòmye Bowanè ak Granvil Nèlson ki siyen

Andat 25 fevriye 1946