« Nwaris ak Griyo yo » Martin Munro

Munro se Pwofesè Franse nan Florida State University. Li ekri Exile and Post-1946 Haitian Literature (2007) ak Different Drummers: Rhythm and Race in the Americas (2010). Li ko-edite Haiti Rising: Haitian History, Culture, and the Earthquake of 2010 (2010).

Nwaris la se te yon fòm ideyoloji politik ak kiltirèl ki te soti nan endijenis, ki li menm te yon reyaksyon devan okipasyon ameriken (1915-1934). Depi 1919, La Vocation de l’élite Jan Prays-Mas te evoke konsèp « nanm nasyonal » e te bay avètisman sou danje « fragmantasyon » si pèp Ayisyen an pat « santi natirèlman bezwen pou yo kreye yon konsyans nasyonal ki ta fèt apati solidarite diferan kouch sosyal li yo » (site nan Dash, Literature and Ideology, 67). Se te yon volonte pataje pou reziste Etazini ki te fè endijenis la kenbe, men lè Ameriken yo te rale kò yo an 1934 epi kesyon rekonstisyon nasyonal la te vin pi ijan toujou, diferans ant diferan faksyon yo te vin polarize plis.


Depa Ameriken yo te montre aklè diferans ant faksyon Maksis ak Afrikanis nan endijenis. Tandans Maksis la se te pou gade deyò, pou plase Ayiti, jan Janvye ak Fimen te swete l nan diznevyèm syèk la, pami peyi ki te pi pwogresis yo. Okontrè, mouvman Afrikanis Griyo a ann Ayiti apre okipasyon an, sitou pèsonalite tankou Kal Bwa, Deni Lorimè ak Franswa Divalye te gen tandans gade anndan, epi pou yo te elabore teyori ras ak kilti ki te kòmanse nan ankèt sou « nanm Ayisyen an » plis toujou.

Ideyoloji rasyal Griyo yo te enplike yon echèl otantisite : vrè nanm ayisyen an te nwa, plis yon moun te klè, mwens li te Ayisyen. Pou endijenis yo, redekouvèt Afrikanite ak kilti popilè a te yon aksyon kreyatif ki te san limit, men Griyo yo te gen yon strateji rediktris. Yo te fèmen sistematikman tout sans ki te asosye ak koulè nwa ak otansite ayisyen. Afrikanite ak otansite rasyal te vin tounen baz ideyoloji politik yon klas mwayenn nwa ki tap monte, ki te wè nan ideyoloji sa a « rasyonalizasyon pou yon diktati kiltirèl nwa » (Dash, 101).

Nwaris la te pran plizyè fòm kiltirèl, ki te gen ladan yo koral fòklorik ki te fenk fòme epi djaz iben tankou Jazz des Jeunes, ki te fòme nan kòmansman ane 1940 yo. Yo konsidere l tankou premye djaz popilè moun danse ki te entegre ideyoloji nwaris Griyo yo. Jan Gage Averill eksplike l nan liv li a, A Day for the Hunter, a Day for the Prey (1997), mizik yo a, ki te pot non vodou Djaz te genyen ladan l rit tradisyonèl fòklò, chante vodou epitou stil melanje Ayisyen-Kiben. Laprès pro-nwaris la te akeyi l ak anpil antouzyas pou jan li te eksprime “vrè nanm” Ayiti.

Griyo yo te kwè maksis pat gen okenn rapò ak reyalite Ayisyen an. Pou Deni ak Divalye, “dènye espwa” ki te rete a se te pou konsève “strikti spirityèl nou ki kapab garanti orijinalite nou epi asire ras nou a ap kontinye” (Les Griots, jiyè-septanm 1939). Griyo yo, ki te devlope yon « lejann nwa » istwa ayiti, te fè pwomosyon adopsyon ideyal endijenis la nan edikasyon, relijyon ak kilti. Nwaris te fondamantalman anti-liberal, epi li te fè pwomosyon yon leta otoritè epi ekslisiv, sa ki tap vin reyalize ak prezidans Franswa Divalye (1957-71). Jan Prays-Mas, gwo idòl Griyo yo te avèti, divizyon sosyal mouvman an te kreye fini pa mine objektif inite nasyonal endijenis la. Epi, jan li te di l nan yon fason pwofetik, « yon konsyans nwa politikman radikal kapab fini pa mennen nan despotis” (Smith, Red and Black in Haiti, 27).