« Ekspozisyon Entènasyonal Pòtoprens, 1949-50 » Hadassah St. Hubert

St. Hubert se yon kandida pou doktora epi li resevwa bous doktora McKNight nan depatman Istwa nan Inivèsite Miami. Tèz li pral analize patisipasyon Ayiti nan Ekspozisyon ak Fwa entènasyonal yo.

Ekspozisyon Entènasyonal ki tap komemore desanzan fondasyon Pòtoprens te kreye yon opòtinite pou gouvènman ayisyen an, se Dimasè Estime ki te alatèt li, te transfòme kapital la, Pòtoprens nan yon vil “modèn” vizyonè. Ant desanm 1949 ak jen 1950, li te reprezante yon gwo jefò gouvènman ayisyen an te fè pou fè modènite avanse nan plizyè domenn. Ladan yo te genyen : bèlte vil yo, kowoperasyon entènasyonal, promosyon touris nan sit istorik Ayiti yo epi valorizasyon kilti nasyonal Ayiti a. Ekpozisyon an te reprezante repons gouvènman ayisyen an devan plizyè deseni reprezantasyon negatif nasyon an kòm sovaj epi san kapasite. Vizyon yon vil « modèn » te vle di pou gouvènman ayisyen an pi bon enfrastrikti epi fè vwayajè etranje plezi atravè pwomosyon yon kilti ayisyen tradisyonèl, ki te gen ladan l pratik relijye asosye ak Vodou ke yo tap rabese depi lontan.


Nan zòn ekspoziyon an, ki te pot non tou Site Ekspozisyon oubyen Site Dimasè Estime, vizitè te ka mache akote bè yo te fenk kreye a epi wè pye palmis ak ti lak nan zòn palmis la ansanm ak yon motayris, yon akwaryòm epi lòt atraksyon nan spektak Ross Manning yo.  Lòt sit yo te gen ladan yo yon arèn pou konba kòk, spektak fòklorik nan Teyat Vèdi, yon paviyon pou touris gouvènman ayisyen an te fè ansanm ak lòt paviyon pi piti ki te reprezante lòt depatman Ayiti yo. Palmis ki tap soufle tou dousman te aliye soukote boulva prensipal la ki te pot non avni Harry S. Truman, sa ki montre jan Ekspozisyon an te vle fè touris ameriken plezi. Travay nan zòn sa a te montre travay achitèk natif natal kou etranje, tankou Arthur F. Schmiedigen ak Albè Mangonèz. Patisipan yo te gen ladan yo Etazini, Lafrans, Itali, Bèljik, Lespay, Sàn Marino, Liban, Siri, Palestin, Kanada, Venezwela, Meksik, Ajantin, Gwatemala, Chili, Pòto Riko, Kiba, Jamayik. Yo te konstrui pwòp imèb ak estati pa yo. Vatikan an, Nasyonzini ak Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te patisipe nan fèt la tou.

Moun ki te bay pèfòmans nan ekspozisyon an te reprezante spektak ki te soti nan tout rejyon an, sa ki montre enpòtans li. Nan Teyat Vèdi a, te gen pèfòmans ak atis ki te soti Etazini, Ewòp, nan Karayib la ak nan Amerik Latin. Patisipan yo te gen ladan yo Irene Umilta McShine, yon mizisyen ki te sot Trinidad, koral ak dans ki te sot Lespay, pyanis Kiben Rosario Franco epi chantè opera Marian Anderson ki te sot Ozetazini. Ekspozisyon an te sèvi ak divètisman ki te sot nan rejyon an ansanm ak atis nwa ki te soti Ozetazini. Pèfòmans Marian Anderson lan nan Teyat Vèdi a te rale plis pase 3000 spektatè, ki te gen ladan yo Estime ak madanm li. Kòm eritaj Ekspozisyon an, nou kapab site fòmasyon Twoup Nasyonal Fòklorik. Se Jan Leyon Destine ak Lina Maton-Blanchè ki tap dirije l. Yo te fè tounen entènasyonal ak pèfòmans yo.

Jan istoryen Georges Corvington eksplike l nan liv li a, Port-au-Prince au cours des ans (1743-1950), Ekspozisyon an, oubyen « festival lapè a » te komemore desanzan fondasyon Pòtoprens epi planifikasyon yo te kòmanse an mas 1948 (Corvington, 459). Sa te kite yon ti kras plis pase yon ane pou chanje vizaj Pòtoprens. Yo di ekspozisyon an te koute Ayiti plis pase $4 milyon nan yon bidjè nasyonal $13.4 milyon (Smith, 144). Men, anpil nan imèb nan Ekspozisyon an tap vin fè pati achitekti pèmànan Pòtoprens. Imèb sa yo te gen ladan yo paviyon prezidans lan, paviyon touris la, paviyon lapòs la, paviyon agrikilti a, fontenn tou limen an ak Teyat Vèdi a (sèn kote anpil pèfòmans fòklorik ak mizik te fèt).


Premye mas 1950, Le Nouvelliste di apeprè 70,000 vizitè antotal te enskri pou ale nan Ekspozisyon an. Gouvènman ayisyen an te atann li aske chif la vin pi gwo pandan Ekspozisyon an epi nou kapab di san twompe nou ke Ekspozisyon Estime a toutbonvre te jan revi Life te rele l la : « Ti Fwa Entènasyonal ». Men li pat atire milyon moun menm jan ak lòt Fwa Entènasyonal yo, ni li pat di tou ke l te vle atire tout sa. Touris se te yon endistri ki tap fenk demare ; Ekspozisyon an te fèt pou atire atansyon entènasyonal sou Ayiti, epi li te fè sa vre. Yo te lanse Ekspozisyon an ak entansyon pou devlope yon vil « modèn » pou devlope yon endistri touris pou deseni k tap vini yo.

Depanse $4 milyon nan Ekspozisyon a te yon gwo risk pou gouvènman ayisyen an epi li te resevwa anpil kritik. Yon koudeta lame ayisyen te lanse te sible gouvènman Estime a nan mwa me 1950. Pòl Ejenn Maglwa te vin prezidan an oktòn 1950 e li te kontinye pwomosyon gouvènman an tap fè de endistri touris la ansanm ak liy avyon Pan American. Maglwa te gen posibilite ajoute sou chanjman striktirèl nan kapital la pou bay endistri touris ki tap fenk parèt la jarèt epi li te ede triple kantite moun ki te vizite Ayiti pandan rejim li an. Atansyon entènasyonal la te fè yo idantifye rejim li an kòm yon eleman nan sa yo vin rele « laj dò » touris Ayisyen.