« Egzil Estime » Katherine Dunham (1909-2006)

Yon ekstrè Island Possessed Dunham te pibliye an 1969. Dunham se te yon antwopològ ki te entegre kilti ayisyen nan pwòp dans pa l. Li te bon zanmi ak prezidan Estime epi sa te ba l pwoblèm lè l aprann yo te ranvèse l.

Jouk kounyè a, pandan m pa konn anyen de nouvo Prezidan an, Pòl Maglwa, mwen pito wè l kòm yon izipatè. Egzil fòse Estime a te kòmansman dezagreyab epi anmè kou fyèl desepyson mwen nan zafè leta ak ideyoloji politik. Nan avyon ki tap sot Kingston lan, lè m patap kriye sou zepòl Ann, mwen tap eseye adapte lide m sou Ayiti pou m wè yon peyi nan kontèks reyalite istorik li. Nan ka Ayiti, se te tout tan yon revolisyon, tout tan lakrent ant gwoup koulè, envazyon tromatik epi esklavaj, epi yon klas ki tap gouvène ki te mande plis pase sa l te merite nan zafè entelektyèl, sosyal ak devlopman politik. Sa ki tap pase Ayiti nan moman an se te menm sa ki te toujou ap pase a. M senpman pat pare pou sa.

Nan satisfè bezwen pa mwen, nan viv ak moun, peyizan yo, ke map toujou ret kwè se vrè pèp Ayiti a, mwen te neglije anpil nan sa ki te ka prepare m pou sa m tap vin konnen de peyi a nan lòt ane apre. Alafen, mwen te vin deside enkyetid mwen pat gen plas li. Se lefèt mwen potko fin reprann mwen apre yon apenndektomi ki te lakòz li, se pat sezisman m te pran apre dènye rankont mwen ak Estime ak twoub politik ki te voye l ann egzil.