« Monte Maglwa pou rive nan prezidans lan » Ekip Editoryal Yon Zile ki Klere

Alafen, Prezidan Estime pa tap siviv politik radikal ki te dechennen an 1946. Li pat ka kalme kritik li yo ki te panse li te twò konsèvatè oubyen twò ekstrèm. Lè Sena a te refize pwopozisyon Estime a pou revize konstitisyon an pou pèmèt li sèvi yon lòt manda antank prezidan, lame a te rantre nan koze a, jan l te fè l an 1946, pou l anpeche enstabilite politik epi pou li sipèvize tranzisyon nan pouvwa a. Se menm ofisye ki te nan tèt Komite Egzekitif Militè a an 1946 ki te nan tèt jent pwovizwa a : Frank Lavo ki te gen ran jeneral nan moman an, ansanm ak Antwàn Levèlt ak Pòl Maglwa ki te kolonèl lè a. Men, fwa sa a, se Maglwa, pa Lavo ki te sipèvize tranzisyon an.

Twa msye yo, Maglwa, Lavo ak Levèlt, te parèt nan vil kapital la 10 me 1950 pou deklare entansyon lame a. « Depi mwa avril ki sot pase a, peyi a ap travèse yon sitiyasyon konplike epi plen danje ki anpeche nasyon an vanse, » yo eksplike nan yon deklarasyon ki parèt nan Le Moniteur. « Prezidan Repiblik la [Estime] pèdi kontwòl evenman ki te devlope rapid rapid dèyè anbisyon kèk moun depi Sena a te rejte revizyon konstitisyon an. Akòz jan bagay yo mele a, e difikilte peyi a pou l kontinye nan lapè ak trankilite, lame a deside, sou lòd chèf li, pou pran mezi ki nesesè pou pwoteje lapè piblik pou nou pa rive nan yon sitiyasyon san kontwòl. » Yo te rasire « menm jan nou te fè l pa gen lontan de sa, nou pral respekte tout akò entènasyonal repiblik Ayiti angaje ladan l yo nèt, kenbe standa demokratik, asire sekirite piblik ak respè pou pwopriyete. » Lame a te mande Senatè Dantès Belgad pou l te sipèvize revizyon konstitisyon an. Epi, ansanm, lame a ak sena a te òganize yon nouvo eleksyon prezidansyèl. Diferans ak konpetisyon k te konn fèt anvan, tout sitwayen gason ki te gen plis pase 21 lane te gen dwa vote. Maglwa ki te cho pou l genyen prezidans lan, te kite gouvènman pwovizwa a epi te anonse kandidati l. Paske yo te kwè lame a ta pral ranje vòt la pou Maglwa kapab genyen, preske tout lòt politisyen yo, sof youn, te bòykote eleksyon an. 10 oktòb ane a, Maglwa te genyen prezidans lan.

Nan envèstiti l nan mwa desanm, Maglwa te pale ak nasyon an. « Solda sa a di nou mèsi. » Li te pwomèt li tap toujou rete yon sòlda : « Nou rete nan dispozisyon nasyon an e nou pa dezobeyi lòd. » Yon fwa ankò, Maglwa te aksepte tach Etazini te bay lame ayisyen an pandan okipasyon an sa te gen trant an. Li tap anpeche enstabilite. Entèvansyon militè t ap tounen yon abitid kounyè a, e li tap fèt ankò an 1986 ak 1991. Men, ant 1957 ak 1985, sa k te vin apre Maglwa yo, Divalye yo, te pran zak pou anpeche sa. Yo te kreye yon milis, Tonton Makout ki te rivalize lame a, pandan l tap teworize sosyete sivil la.