« Kilti ‘laj dò’ Ayiti a » Lyonèl Paken          

Yon ekstrè nan The Haitians: Class and Color Politics Paken te pibliye an 1983. Paken se te yon diplomat, biznismann ak istoryen. Pi ba a, li eksplike kòman Maglwa te prezide sou yon kilti banbòch elit politik yo te jwi pandan gwo kwasans ekonomik nan ane 1950 yo.

Maglwa te yon banbochè. Kidonk, Repiblik Pòtoprens la tap danse sou rit tanbou pa l. Sou rèy li, klib ki te pi esklisiv la, ki te gen plis enfliyans epi ki te pi fèmen an se te Le Club des amis du Président Magloire. Baz li te sou wout Kafou a, nan Mawotyè. Se te yon gwo espas plen lonbray ki pat twò ekstraòdinè ak yon pisin, yon granj ki pat twò remakab ak yon ba. Se te la « les amis » yo te rasanble chak samdi oubyen dimanch aprèmidi.

Yon samdi aprèmidi tipik se te yon melanj anpil bweson, manje manje bon kalite bon gou epi bay blag. Tout moun te oblije parèt rilaks epi kè kontan paske Prezidans te vin la a pou l te rilaks epi pou kè l te kontan. Pi gwo siy moun te manm gwoup la se lè yo te ka asosye ak prezidan an sou baz prenon. Se sèlman Mawotyè yo te ka rele l « Pòl ». Tout moun te byen konnen ki kalite blag li te renmen. Li te renmen takine moun sou zen ki te gen rapò ak fanm. Maglwa pat yon move moun. Li pat janm renmen fè moun mal. Li pat renmen gwo konvèsasyon ni pawòl ansoudin  ki te gen move entansyon. Li tè sitèlman janti, yon moun te ka mande kijan l te fè reyisi pami tout pil vipè yo.

Men, atansyon ! Jantiyès li a te sèlman sipèfisyèl. Prezidan an, nan mitan de blag, ak bwi gwo kout ri antouraj li tap fè yon siy zye bay yon moun pou montre l te vle fè yon pale a de. Se te pi gwo onè li te ka bay yon kretyen vivan. Nenpòt bon bagay te ka tonbe – yon pozisyon nan anbasad, konsesyon, sekrè deta, nenpòt bagay. Foul la te kontinyè parèt nòmal, men pandan bouch yo te kontinye ap fòmile lide ki pat òganize, zorèy ak zye yo tap eseye espyone sou sans « pawòl ade» sa a.