« Fanm ak vòt la » Grace Sanders

Sanders se yon kandida pou doktora nan depatman Istwa nan Inivèsite Michigan. Tèz li chita sou mouvman fanm ann Ayiti.

Nan fen okipasyon ameriken ann Ayiti an 1934, fanm ayisyen te fè pati pil sitwayen ki te chèche bay avni Ayiti fòm. Menm si fanm te bay kontribisyon enpòtan nan ekonomi ak kilti nasyonal la antank machann, travayèz domestik, agronòm, atis, lidè spirityèl ak edikatè, yo pat gen dwa vote.

An 1934, yon gwoup fanm ki te soti nan elit ak klas mwayenn lan te pran angajman pou batay pou dwa fanm lè yo fonde òganizasyon feminis La Figue Féminine d’Action Sociale (LFAS). Se Madlèn Silven Bouchro ak Alis Gawout ki te nan tèt li. Manm LFAS yo te fè agiman ke avni peyi a te depann sou egalite jan yo. Sa vle di fòk te gen amelyorasyon nan edikasyon fanm, se pou dwa sivil la te laji, epi fòk tout moun te gen dwa vote. An 1936, manm LFAS te apiye chanjman nan lwa yo sou zafè salè fanm marye. Malgre fanm marye pat gen dwa kenbe pwòp salè yo pou yo anvan 1944, lwa ki te sou tab la te leve gwo deba sou jan wòl fanm tap chanje nan sosyete ak politik ayisyen. Kòm lidè kanpay pou vòt inivèsèl la, manm LFAS te ankouraje chanjman sa yo ; yo te wè yo kòm amelyorasyon pou fanm epi pou nasyon an. Men, fanm ak gason ki te marye ak sistèm patriyaka a te vanse agiman ke fanm te enferye parapòa gason, kidonk yo pat kalifye ni pou politik ni pou yo vote.

An 1946, agiman kont vòt pou fanm yo te vin vrèman agresif. Pandan asanble konstityant ane a, senatè Emil Senlo ak Kastèl Demesmen te deklare yo ta dwe refize fanm ayisyen dwa vote paske yo tout se te « pwostitye, » « move manman, » epi pyon nan jwèt responsab legliz katolik etranje yo. Atak sou seksyalite ak matènite fanm aysisyen yo te bay Alis Gawout ak lòt sifrajis yo gwo desepsyon epi yo te kite sal asanble a nan mitan deba a. Nan jou ki te vin apre asanmble a, manm LFAS, Kleyant Degrav Valsen, Madlèn Silven Bouchro, Alis Gawout, Ivonn Akim Renpèl ak Mari-Terèz Pwentvyen te mete fristrasyon yo nan yon seri ese ki te gen pou tit « La Femme Haïtienne répond aux attaques formulées contre elle à l’Assemblée Constituante. » Pami griyèf yo ak kèk manm Asanble Konstitiyant lan, yo te twouve atak sou karaktè fanm ayisyen an dwòl anpil pase se fanm ki te òganize zafè nan kay pandan yo tap travay deyò pou fè avanse bezwen ekonomik, sosyal ak politik fanmi ak kominote yo.

Te gen anpil opozisyon kont dwa vòt pou fanm yo, men fanm yo pat pè. Sipò alye nan pati politik ak lòt òganizasyon fanm ki te gen ladan yo Association des femmes haïtiennes pour l’Organisation du Travail, les Amis de la Maison, Foyer Ouvrier, Comité d’Action Féminine, Parti Populaire Chrétien ak Parti Socialiste Populaire te ranfòse detèminasyon sifrajis yo. Fanm ayisyen te ralye sipò gwoup entènasyonal tankou Commission Interaméricaine de Femmes de l’Union Panaméricaine, Ligue Internationale des Femmes pour la Paix et pour la liberté, National Council of Negro Women ak Nasyonzini tou. Ann avril 1950, manm LFAS te montre tout fòs kanpay pou vòt la lè yo te òganize premye kongrè nasyonal fanm ayisyen. Plis pase 500 delege nan kongrè a ki te soti nan 43 òganizasyon fanm ayisyen ak 17 òganizasyon entènasyonal te patisipe nan kongrè a. Valè sipò sa a te prezaje siksè mouvman sifrajis la ta pral genyen. 4 novanm 1950, fanm ayisyen te genyen dwa pou yo vote nan tout eleksyon lokal ak nasyonal.