« Timoun deplase Ayiti yo » Amelia Hintzen

Hintzen se yon kandida doktora nan depatman Istwa Inivèsite Miami. Tèz li a pral analize fanmi ak anfans nan kominote ayisyen nan Repiblik Dominikenn.

Yo di ero revolisyon ayisyen an, Tousen Louvèti te adopte plizyè timoun malere menm si se pat ofisyèlman. Ladan yo te genyen Moyiz Louvèti, youn nan jeneral pi enpòtan li yo, ki te pase pou neve l. Pratik adopsyon enfòmèl sa a tap vin kouran ann Ayiti apre lendepandans. Peyizan ayisyen, ki te souvan fè fas ak lamizè san fen, te konte sou posibilite pou yo fè timoun yo pase de kay paran ak zanmi pou ede pran swen yo lè resous yo te limite. Alòske yo te voye anpil timoun viv nan kay nan zòn lan lè bagay yo te di, genyen ki te al lavil. Paran yo te atann yo ke pitit yo ki tap viv lavil tap travay pou yon fanmi klas mwayenn oubyen boujwa ann echanj pou edikasyon. Nan kòmansman ventyèm syèk la, aranjman sa a te konsène sitou pitit fi ak gason fanmi peyizan ki te gen stabilite finansye. Yo te kapab ofri kado oubyen menm kòb bay fanmi ki tap resevwa pitit yo pou asire yo ke yo tap resevwa edikasyon.

Men, pandan ventyèm syèk la, yon popilasyon riral ki tap ogmante, degradasyon anviwonman an, konsekans yon okipasyon ameriken ki te dire 19 lane ak pwoblèm gouvènans lokal te menase mòd vi peyizan yo. Alòske kalite vi a tap degrade nan zòn riral yo, plis peyizan te vin fòse voye pitit yo lavil pou viv ak fanmi klas mwayenn oubyen klas pi ba ki pat fanmi pa yo paske ni yo ni rezo fanmi yo pat gen resous pou okipe timoun yo. Timoun peyizan pòv  ki travay kòm domestik pou fanmi lavil souvan pote non « restavèk », ki soti nan ekspresyon franse ki vle di «  rete avèk ». An 1998, UNICEF te estime ke 300,000 nan twa milyon timoun Ayiti yo tap viv nan esklavaj domestik. Restavèk yo souvan ap viv nan kondisyon moun dekri tankou nan tan lesklavaj: yo travay di san yo pa peye yo, yo sibi move tretman epi souvan yo pa al lekòl.

Menm si se nan fen ane 1980 yo kominote entènasyonal la kòmanse okouran kesyon timoun kap travay kòm domestik la, anpil Ayisyen te mobilize pou eseye proteje timoun deplase sa yo. Pandan ane 1940 yo, Lig Feminin dAksyon Sosyal te fè petisyon pou fè yo mete mezi pou proteje timoun nan nouvo konstitisyon an. Premye lwa ayisyen ki te gen pou objektif regle travay domestik timoun te pase an 1947. Lwa a te di timoun pa t dwe kòmanse travay kòm domestik toutotan yo pat gen douz an, epi yo ta dwe resevwa bonjan lojman, manje, swen sante ak edikasyon. Menm si travay domestik timoun pa janm vin ilegal, anpil Ayisyen ki gen enpòtans nan sosyete a kontinye apiye kòz timoun kap travay kòm domestik yo.

 

Men, lè Franswa Divalye te pran pouvwa an 1957, li pat fè gwo bagay pou amelyore kondisyon ki te rann mouvman timoun peyizan pòv nan kay lavil yon strateji nesesè pou siviv nan zòn riral yo. Pandan rèy Franswa Divalye ak pitit li, JanKlod, problèm enstitisyonèl ki te kreye travay domestik timoun te vin pi serye. Yon nouvo sistèm sèvis domestik te vin devlope ki te fè pitit peyizan ki pat kapab okipe tout timoun yo rive Pòtoprens pou viv ak fanmi ki souvan pat gen si tèlman plis mwayen pase yo.

Lè sèvis domestik timoun vin gaye epi li vin fasil pou jwenn yon timoun domestik, fanmi nan ti klas mwayenn ak klas pòv yo nan zòn iben yo te vin wè timoun domestik la tankou yon bagay ki nesesè, pa tankou yon liks. Pifò timoun ki rantre nan sèvis domestik vin pèdi tout lyen ak paran biyolojik yo. Timoun ki pa gen okenn kontak ak fanmi yo pi izole epi pi depandan sou fanmi ki akeyi yo a. Yo vin defini timoun sa yo apati travay yo sèlman, sa ki desann stati yo anndan kay la ak nan sosyete a. Timoun kap travay kòm domestik vin fè yon pati entegral peyizaj iben Pòtoprens la. Yo fè pati tou de pwoblèm konplike vil la ap konfronte. Men, sistèm timoun kap travay kòm domestik ann Ayiti chanje anpil parapò a sak te egziste sa gen 100 an. Se wè pou n wè kijan sistèm lan ap kontinye chanje, sitou apre tranblemanntè 2010 la ak gwo enpak li te genyen sou Pòtoprens.