« Pil obstak sou wout edikasyon » Marc E. Prou

Prou se pwofesè asosye etid Afriken ak Ayisyen nan Inivèsite Massachusetts nan vil Boston. Li ekri anpil sou edikasyon ak kreyòl ayisyen.

Apre endepandans Ayiti an 1804, pè fondatè yo te pwomèt edikasyon gratis epi obligatwa pou chak sitwayen. Men, pwomès sa pa janm reyalize. Tout moun dakò edikasyon ann Ayiti mande gwo chanjman. Men gen anpil obstak ki rann chanjman difisil.

Sistèm edikasyon Ayiti a divize ant sektè piblik ak prive. Pakèt lekòl piblik, prive oubyen ki asosye ak legliz ki pa kontwole, ke anpil moun rele lekòl bòlèt se yon gwo obstak pou ta gen yon sèl politik pou amelyore edikasyon. Anpil nan yo pap travay sou baz legal epi yo pa rive kenbe standa Ministè Edikasyon Nasyonal la (MENJS).

Administratè rejyonal ak lokal yo pa bay bon jan sipèvizyon, sa ki vin rann obstak sa a pi rèd toujou. Elèv ki pa jwenn bon rezilta nan lekòl prive ak piblik pa gen okenn rekou oubyen entèvansyon pou amelyore kondisyon yo. Ann Ayiti, edikasyon se yon mache ouvri kote paran kapab chwazi enskri pitit yo nan lekòl prive oubyen nenpòt kote. Lekòl se tankou magazen kote paran yo ka achte sa yo vle. Menm si yo ka chwazi an tout libète, chwa yo limite akòz pri. Anpil nan pi bon lekòl segonndè Ayiti yo se enstitisyon prive kote ekolaj la ant $3000 ak $6000 pa ane, san konte frè enskripsyon, liv ak inifòm. Yo travay pou pwofi, yon tandans kap kontinye.

Ann Ayiti, lekòl yo fòse timoun sibi plizyè èdtan bachotaj ak batpakè. Yo bay anpil devwa epi pa fè timoun yo jwe yon fason kreyatif. Trajè elèv yo rèd epi se yon kochma sanfen. To elèv ki kite lekòl depi nan nivo primè wo anpil. Selon estimasyon ki te fèt nan mitan ane 1980 yo, plis pase mwatye elèv nan lèkol primè nan zòn iben Ayiti yo te kite sa anvan yo fini sik 6 lane a. Nan zòn riral yo, to elèv ki te kite sa te 80 pousan. To elèv ki kite sa oubyen ki double nan zòn riral yo te si tèlman wo ke sou chak senk elèv, gen twa ki te nan premye oswa dezyèm ane.

You lòt gwo obstak pou edikasyon ann Ayiti nan tout nivo se mank pwofesè kalifye, ki resevwa salè ki ba anpil, ni nan lekòl piblik ni nan prive. Se salè profesè nan prive a ki pi ba. E to moun ki kite sa wo anpil. Men sa ki pi enpòtan se ke majorite pwofesè ak administratè pa resewa ni prestij ni salè yo ta merite a. Yo pa gen pou yo rann anpil kont non plis. Yon gwo diplòm pa nesesè pou yon moun anseye. Epi pwogram fòmasyon pwofesè yo pa gen gwo standa. Lè yon pwofesè pa gen konpetans, se travay adminstratè a pou l jere sa. Ayisyen renmen pale de konpetisyon nan zafè edikasyon. Men, lè nou panse a deviz nasyonal Ayiti a « l’union fait la force », li difisil pou nou jwenn yon lide ki ta koresponn mwens a Ayisyen. Men, li kapab gen merit li. Nan moman an, se pa konpetisyon ant pwofesè oubyen lekòl ki anime politik edikasyon. Pa gen lis pi bon lekòl oubyen pi bon pwofesè ann Ayiti.

Yon lòt kesyon plen kontwovès se kesyon lang lan. Gen gwo deba pou konnen si ansèyman ta dwe fèt an kreyòl oubyen an franse. Lè nan kòmansman ane 1980 yo, Minis Edikasyon an, Jozèf Bèna, te vin ak « refòm Bèna » li a, ki te fè kreyòl lang ofisyèl ansèyman nan lekòl primè, anpil edikatè ak paran pat dakò. Anpil lekòl nan zòn riral kou iben kontinye sèvi ak manyèl an franse, menm lè yo pale kreyòl. Konstitisyon 1987 la te rekonèt ni kreyòl ni franse kòm lang ofisyèl. Men franse toujou kenbe pi gwo stati. Kidonk pifò lekòl prive ak piblik vle timoun yo metrize franse. Anmenmtan, yo bay etid klasik ak imànite yo twòp enpòtans, sa ki wete sou syans ak teknoloji. Men, lekòl segonndè yo miyò. Epi yon elèv byen prepare nan lekòl segonndè leplisouvan kalifye pou l rantre nan yon inivèsite prive oubyen piblik oubyen yon enstitisyon ansèyman siperyè aletranje.

Akòz obstak sa yo, nou ta dwe eseye santre politik edikasyon plis sou elèv la. Chak elèv ta dwe genyen menm chans pou l aprann. Objektik nou pa ta dwe pou kreye plizyè entelektyèl sipèsta, men pou rezoud inegalite paske se sa ki pi gwo obstak chans ann Ayiti.