« Tonton Makout yo » Bernard Diederich

Diederich se yon jounalis ki te dirije yon jounal ann Ayiti ki te rele Haiti Sun. Depi lè a, li pibliye plizyè liv, Papa Doc: The Truth About Haiti Today (1969) epi, sa pa gen twò lontan, Seeds of Fiction: Graham Greene’s Adventures in Haiti and Central America, 1954-1983 (2012).

Sivil divalyeris ki tap fè zak pou rejim lan te pot non Tonton Makout kèk tan sèlman apre Franswa Divalye te pran pouvwa a an 1957. Souvan, se analfabèt yo te ye ak seri de tinon ki te dekri kalite moun  yo te ye. Anpil nan yo te korompi epi anpil nan yo se te sosyopat ki te pare pou touye.

Kleman Babo ak plizyè lòt chèf klan divalyeris enpòtan tankou Liknè Kanbròn (pastè), Lik Dezi (boulanje) al Elowis Mèt te gen gang makout pa yo epi souvan te gen rivalite ant yo. Yo te batay souvan pou rekonesans Papa Dòk epi pou pwouve jan yo te fidèl. Makout ki te gen anpil puisans tankou Jisten Bètran nan yon kriz jalouzi tiye pwòp « domestik » Papa Dòk. Li vin ateri Fò Dimanch ak yon pitit gason li kote yo tou de mouri.


Papa Dòk te bay lòd chante lantèman nasyonal pou domestik li a. An 1958, lè Divalye te fòme milis ann inifòm li an (ki pita vin pote non Volontè Sekirite Nasyonal), yo te rele yo makout tou. Papa Dòk te fè mete anbasadè britanik la deyò epi te koupe lyen ak Grann Bretay paske li te sèvi ak mo « Makout ! ». Pita, Papa Dòk te deklare bay jounalis ke « makout » yo te tankou Volontè Dezyèm Gè mondyal. Apre Divalye, mo a vin sinonim moun ki agresif, ki fè lòt abi epi ki aji tankou moun ki gen tout dwa.