« Diktati Divalye yo ak mouvman travayè yo » Marvin Chochotte

Chochotte ap prepare doktora l nan depatman istwa Inivèsite Michigan. Tèz li pral chita sou politik ak represyon ann Ayiti sou Divalye.

Mouvman travayè ayisyen ventyèm syèk la te vin siprime nèt an 1963 sou diktatè Franswa « Papa Dòk » Divalye. Papa Dòk te chèf leta an 1957 pou jouk li mouri an 1971. Sèlman kèk ane apre l fin pran pouvwa a, Divalye te lage yon bokit represyon plen vyolans ki tap fin kraze mouvman ouvriye òganize. An desanm 1963, Divalye te bay de pi gwo òganizasyon travay ayisyen yo : Intersyndicale d’Haïti (UIH) ak La Fédération Haïtienne des Syndicats Chrétiens (FHSC) yon sispansyon ki pat gen fen. Kòm rezilta, mouvman ouvriye òganize a te vin demoralize epi aktivis travayè yo te vin diminye anpil nan epòk Divalye a.

Men, gen kèk chèf sendika ak kèk chèf endistri tou  ki te sezi rezilta kriz travayè a an 1963 paske yo te wè Papa Dòk kòm moun ki tap apiye dwa travayè. Anvan 1963, Divalye te bay kèk group aktivis travayè sipò pandan li tap kraze lòt eleman mouvman travayè li te wè kòm menas pou ajennda politik li a anmenmtan. Kalite anbivalans leta sa a devan mouvman travayè a kapab se te yon siy yon leta ki pat twò konprann wòl li nan fè medyasyon nan zafè travayè, radikalis, kapitalis ak enfliyans etranje. Kou li menm ak gouvènman l lan te pran pouvwa a, Papa Dòk te oblije kontre ak demann kontradiktwa aktivis travayè, gochis, kapitalis etranje epi gerye Gè Fwad Ameriken an. Tout te vle enfliyanse leta Divalye a ki te fenk ap parèt. Rive 1963, enterè travayè yo te pèdi devan gwo enterè ekonomik ak politik etranje ki te konkeri diktati Divalye a. Diznèfsanswansanntwa se lè mouvman travayè ayisyen an te tonbe.