« Fanm ak Divalye » Jennifer Garcon

Garcon ap prepare doktora l nan depatman Istwa nan Inivèsite Miami. Tèz li pral chita sou kesyon jan nan istwa ayisyen.

Pandan epòk Divalye a (1957-1986), fanm te vin tounen sib represyon leta a. Dabitid, yo te defini fanm kòm “madanm ak pitit fi ki depandan.” Kidonk, jan otè Carolle Charles eksplike li, fanm te yon jan pwoteje parapò a vyolans leta a akòz yo te kite yo andeyò politik. Men, lè eleksyon prezidansyèl 1957 la te rive, fanm yo te gen tout dwa pou yo vote. 7 out 1957, yon mwa anvan eleksyon an, sipòtè kandida Franswa Divalye te atake biwo fanm politik opozan Divalye a, Lwi Dejwa. Premye zak laterè sa te montre nan yon fason dramatik jan wòl politik fanm te chanje.

Divalye te chanje jan strikti pouvwa yo te òganize nèt lè li te fè rantre ladan yo nouvo fòm vyolans sistemik. Gen vilaj antye, ekip foutbòl ak rezo fanmi ki te sibi sa Michel-Rolph Trouillot dekri kòm yon kalite vyolans « totalizan. » Plis toujou, vyolans sa a, te gen yon aspè ladan l ki te chita sou kesyon jan. Sipòtè Divalye yo te souvan sèvi ak vyòl-maspinay, vyòl ke moun ki konn viktim lan fè ak maryaj fòse pou kraze opozisyon fanm yo. Rejim Divalye a te sèvi ak vyolans seksyèl ak imilyasyon kòm zouti entimidasyon kont opozisyon politik la.

5 janvye 1958, Tonton Makout yo, gwoup paramilitè pèsonèl Divalye a te pran Ivonn Akim-Renpèl lakay li ; se te yon aktivis feminis ak jounalis anti-Divalye. Yo te bat li, vyole l epi tòtire l. Pita yo vin jwenn kò plen san nan yon lari vid. Yon ti tan apre sa, li te fè bak piblikman sou denonsyasyon li te konn fè kont rejim Divalye a anvan epi li te kanpe piblikasyon jounal feminis li an, Escale. Sou Divalye, gwo michan devlopman òganizasyon feminis yo te akonpli depi fen okipasyon ameriken an an 1934 te disparèt rapid rapid.

Anmenmtan, Divalye te rantre fanm nan machin politik li a kòm enstriman vyolans. Fanm te patisipe nan aparèy laterè Divalyeris la antank manm Fiyèt Lalo, yon òganizasyon sè Tonton Makout yo. Divalye te fè anpil fanm pòv ak nan klas travayè yo rantre nan Fiyèt la ; li te pwomèt yo mobilite ekonomik ak sosyal. Plizyè milye fanm ki tap sibi represyon epi ki te gen twòp chay pou jere te rantre nan òganizasyon an. Yo te swete vin jwenn plis pouvwa pou tèt yo ak pwoteksyon pou fanmi yo. Kòm rezilta, abi fanm fè sou fanm te vin yon bagay ki te  nòmal.

Pandanstan, « feminis leta » Divalye a te detounen mouvman feminis la. Nan plas li, Divalye te konstrui de kategori fanm : fanm patriyotik ki te mete alejans yo pou Divalye an premye ak fanm ki pat patriyotik. Opozisyon yo fas a Divalye te fè yo wè sanble yo kòm fanm pa nòmal epi kòm enmi leta. Jan Trouillot ekplike l nan liv li a, State Against Nation, rejim Divalye a te kraze solidarite tradisyonèl sosyete sivil ak fanmi yo. Li te vin esansyèl pou « yon bon Divalyeris pare pou li sakrifye pwòp manman l. »