« Divalye ak Legliz Katolik » Robert I. Rotberg

Rotberg se Prezidan donè World Peace Foundation. Anvan sa, li te dirije Pwogram Kennedy School sou Konfli ant eta ki nan Inivèsite Harvard. Li ekri epi edite plizyè liv sou Afrik ak Ayiti tankou Haiti: The Politics of Squalor (1971) ak Haiti Renewed (1997).

Divalye, ki te fe laprès la soumèt ba li, chatre palman an ak jidisyè a, epi imilye lame a, te sere pi gwo zam li pou Legliz Katolik, sèl enstitisyon lokal ki te rete ki te genyen yon ti potansyèl pou yon bon jan opozisyon. Nan lòt peyi Amerik Latin, legliz la te jwe yon wòl remakab nan jete diktatè. Ayiti te yon peyi Katolik, epi, anteyori, pifò rezidan li yo, e preske tout elit lavil yo, te pratikan. Yerachi li te sitou gen orijin franse epi te sipòte Dejwa. Li te gen repitasyon konsèvatè, jan li te pran tan pou li bay klèje lokal la pwomosyon (menm si te gen yon evèk ayisyen), ak ostilite li te genyen pou lekòl fòlklorik kote Divalye te yon manm enpòtan.


An out 1959, polis li a te arete epi mete deyò rektè franse pi gwo lekòl segondè katolik repiblik la epi yon pè yon ti vilaj ki te franse tou. Lè kèk mil fidèl te reyini nan Katedral NòtreDam nan Pòtoprens pou lapriyè pou pè yo, [Kleman] Babo ak twoup ki te gen nan men yo gwo zam M3 te kraze yo epi plizyè nan yo te blese. Achevèk François Poirier ak lòt evèk lokal la te denonse zak prezidan an tousuit, epi yon manda pou arete achevèk ki te fèt an Frans lan te anile, siman apre Vatikan an te bay yon avètisman.

Se sèlman an 1960 Divalye te santi l ase konfyan pou l kontinye atak li sou legliz la : yo te depòte Poirier san twòp avètisman (li te pati san kòb ni valiz). Yo te arete epi mete deyò Remi Ogisten, evèk ayisyen yo te nomen pou ranplase Poirier a, epi ki, selon rejim lan, te yon « eleman sousou endijenizasyon senbolik ». Nan kòmansman 1961, yo te depòte dis pè Franse ak Kanadyen, epi malgre yon deklarasyon kongregasyon Konsistoryal Sakre Vatikan an ke nenpòt moun ki te fè nenpòt bagay pou mete achevèk la oubyen evèk yo deyò tap jwenn ekskominikasyon l Latae Sententie, yo te mete Evèk Paul Samson Jean-Marie Robert nan Gonayiv ki te sèvi 39 ane ann Ayiti deyò nan djozèz li, ansanm ak kire ayisyen l. Yo te piye depo legliz la nan Gonayiv ak legliz lòt kote, epi yo te raple nons apostolik la. 

Anmenmtan, Divalye te ranpli tout pawas yo ak pwòp sipòtè pa l, souvan ak nèg « avèk pèsonalite e menm moralite ki  plen pwoblèm. » An 1961, li te menm rive fè yon selebrasyon inogirasyon odasye epi fè chante mès Te Deyòm pou tèt li nan katedral kapital la.