« Divalyevil »  Graham Greene (1904-1991)

Yon ekstrè The Comedians Greene pibliye an 1966. Greene te yon womansye Ameriken selèb ki te vizite Ayiti nan kòmansman ane 1960 yo. Li te ekri The Comedians pou pase diktati Divalye a nan betiz. Si woman an popilè anpil jounen jodi a, li kontrovèse paske Greene reprezante Ayiti kòm yon kote fènwa ki irasyonèl. Gen yon moman nan liv la kote pèsonaj prensipal la ak Msye Smith, yon politisyen Ameriken epi envestisè potansyèl, ale nan Divalyevil (nan zòn Kabarè jodi a), kote Divalye te gen pwojè konstrui Brazilya pa l. Remak Msye Smith yo fè nou wè opinyon Greene sou Divalye.

Nan demen nou te kondui al Divalyevil, mwen menm ak Msye Smith ak minis la, ak yon Tonton Makout kòm chofè.


Sou yon plenn plat, anmovèzeta ant mòn yo ak lanmè a, nou te ka wè kèk bwat blan yon sèl pyès, yon teren an siman epi yon michan gagè, ki te preske sanble Kolise a nan mitan ti kay yo. Yo te kanpe ansanm nan yon bòl pousyè epi lè nou kite machin lan, pousyè a te anvayi nou ak van tanpèt ki tap pwoche a.

« Eske sa se yon teyat Grèk ? » Msye Smith te mande, yon fason enteresan.

« Non. Se kote yo touye kòk. »

« M pa wè anpil moun nan zòn lan. »

Minis Afè Sosyal la di ak fyète, « Te gen kèk santenn la kote nou kanpe a. Yo tap viv nan ti kay tè mizerab. Nou te oblije fè yo bay la a blanch. Se te yon gwo operasyon. »

« Kote yo ale ? »

« Mwen sipoze genyen ki al lavil. Genyen ki al nan mòn. Kay fanmi.”
“Eske yap tounen lè vil la fin bati?”

« Bon, ou konnen, nap fè pwojè pou yon klas moun pi enteresan la a. »

Pa dèyè gagè a, te gen kat kay ki te fèt ak zèl kwochi tankou papiyon ki kase ; yo te sanble kèk kay nan Brazilya si w te gade yo nan move bout yon teleskòp…

« Opinyon pa m? » di Msye Smith. « Si w vle l, wap jwenn li. M pa wè Divalyevil ou a ka tounen yon sant pwogrè. Li twò lwen tout bagay. »

« Ou ta pito yon kote nan kapital la ? »

« M kòmanse gen dout sou tout pwojè a, » Msye Smith di ak yon vwa tèlman fèm, menm Minis la te oblije fè silans.